Sòm Yo 129

129
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan #És 47:12jenès mwen.
Kite Israël di koulye a:
2“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen,
men yo pa janm reyisi kont mwen.
3Labourè yo te laboure chan yo sou do m.
Yo fè tranch tè yo vin pi long.”
4SENYÈ a dwat.
Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.
5Ke tout sila ki #Mi 4:11rayi Sion yo vin wont!
Ke yo retounen fè bak menm.
6Kite yo vin tankou #II Wa 19:26zèb sou kay la;
zèb ki fennen avan li grandi,
7jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l,
oubyen sila ki mare pote pake a,
pa p ka plen lestomak li.
8Ni sila ki pase yo, p ap di:
“Ke #Rt 2:4benediksyon SENYÈ a rete avèk ou.
Nou beni ou nan non SENYÈ a.”

Terpilih Sekarang Ini:

Sòm Yo 129: BSA

Highlight

Salin

Bandingkan

Kongsi

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk