Michée 2

2
1Malè a sila k ap #Sòm 36:4fè plan inikite yo,
k ap manevre mechanste sou kabann yo!
Lè maten rive, yo pratike li,
paske sa nan pouvwa a men yo.
2Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo,
kay yo, e konsa yo pran yo.
Yo oprimen yon nonm ak kay li,
Yon nonm ak tout eritaj li.
3Pou sa, pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen ap fè yon plan kont pèp sa a,
yon malè k ap fè nou p ap ka retire kou nou;
ni nou p ap ka mache ak awogans,
paske sa se yon #Det 28:48; Am 5:13 move tan.
4Nan jou sa a, yo va #Hab 2:6 fè leve kont nou yon pawòl;
mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris.
Yo va di: ‘Nou fin #És 6:11detwi nèt!
Li divize eritaj a pèp mwen an.
A la retire, Li retire l nan men mwen!
Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”
5Akoz sa, nou p ap gen pèsòn ki va tann #Nonb 34:13,16-29lign mezi
pou fè tiraj osò nan asanble SENYÈ a.
6“Pa pwofetize”!—yo pwofetize—
“Pa pwofetize de bagay de sila yo.
Repwòch sa yo p ap janm rive nou.”
7Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob?
“Èske Lespri SENYÈ a pa #És 50:2an kolè?
Èske bagay sa yo se zèv pa Li?
Èske pawòl Mwen yo pa fè byen
pou sila k ap mache dwat la?”
8Men koulye a, pèp Mwen an leve tankou yon #Jr 12:8ènmi.
Nou chire retire manto ak abiman
de sila k ap pase pa aza yo;
moun k ap retounen, soti nan lagè.
9Fanm a pèp Mwen yo, nou #Jr 10:20chase yo deyò
pou soti kite bèl ti kay yo.
Nan men jèn pitit yo, nou rache retire
tout benediksyon Mwen, jis pou tout tan.
10Leve ale!
Se pa isit ou ap jwenn repo;
li plen ak sa ki #Sòm 106:38pa pwòp, sa kab detwi,
menm avèk yon destriksyon byen grav.
11Si yon nonm ap mache nan yon
lespri manti pou l di:
# Jr 5:31 “Mwen va pale avèk nou konsènan
diven ak bwason fò,”
li ta kapab menm vin pwofèt a #És 30:10,11 pèp sa a.
12Anverite, Mwen va #Mi 4:6,7 rasanble nou tout, O Jacob!
Anverite, Mwen va ranmase #Mi 5:7,8retay Israël yo.
Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak;
tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo.
Y ap plenn ak moun.
13Sila k ap ouvri kraze chemen a va ale devan yo.
Yo kraze pòtay la pou soti.
Se wa yo ki pase devan yo,
ak SENYÈ la a latèt yo.

Terpilih Sekarang Ini:

Michée 2: BSA

Highlight

Kongsi

Bandingkan

Salin

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk