Jérémie 7
7
1Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: 2#Jr 17:19“Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’”
3Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, #Jr 4:1“Korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e Mwen va kite nou rete nan plas sa a. 4#Jr 7:8Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’ 5Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou #I Wa 6:12pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li, 6si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni #Det 6:14-15 mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou, 7alò, Mwen va kite nou rete nan plas sa a, nan #Jr 3:18peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo jis pou tout tan. 8Gade byen, nou ap mete konfyans nan #Jr 7:4pawòl riz yo. Yo p ap ka fè anyen pou nou. 9Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè #Egz 20:3lòt dye ke nou pa t konnen, 10epi konsa,#Éz 23:39vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo? 11Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon #Mat 21:13kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.
12“Men ale koulye a kote plas Mwen an #Jij 18:31Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la. 13Konsa, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “akoz Mwen te pale ak nou, lè M te #Jr 7:25leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn. 14Akoz sa a, Mwen va fè rive nan #Det 12:5kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a. 15Mwen va #Jr 15:1jete nou deyò pou zye m pa wè nou, tankou Mwen te jete tout frè nou yo deyò, tout desandan Éphraïm yo.
16“Pou ou menm, #Egz 32:10pa priye pou pèp sila a. Pa leve yon kri pou yo, ni entèsede avè M, paske Mwen pa tande ou. 17Èske ou pa wè ki sa y ap fè nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo? 18Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka #Det 32:16-21vekse M. 19#Job 35:6Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?”
20Pou sa, pale Senyè BONDYE a, #És 42:25 “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.”
21Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Ajoute ofrann nou yo sou sakrifis nou yo e #Éz 33:25manje chè. 22Paske Mwen pa t #I Sam 15:22pale ak papa zansèt nou yo, ni kòmande yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, pou ofrann brile, ni pou sakrifis. 23Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: #Egz 15:26 ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’ 24Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo #Jr 15:6te fè an aryè olye yo fè devan. 25Depi nan jou ke papa zansèt nou yo te sòti nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sila a, #II Kwo 36:15Mwen te voye bannou tout sèvitè Mwen yo ak pwofèt yo. Chak jou Mwen te leve granmmaten pou voye yo. 26Sepandan, yo pa t koute Mwen, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di. Yo te #Jr 16:12fè plis mal pase papa yo.
27“Ou va #Jr 1:7pale tout pawòl sa yo avèk yo, men yo p ap koute ou. Ou va rele kote yo, men yo p ap reponn ou. 28Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki #Jr 6:17pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo. 29Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin #Jr 6:30rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’
30“Paske fis a Juda yo te fè mal nan zye M,” deklare SENYÈ a. “Yo te #II Wa 21:3mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non Mwen an, pou souye li. 31Yo te bati wo plas la nan Topheth, ki nan vale a fis a Hinnom an, pou #Lev 18:21brile fis ak fi pa yo nan dife, ke M pa t kòmande, ni sa pa t rive nan tèt Mwen. 32#Jr 19:6-11Pou sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va fè antèman Topheth, jis pa gen plas pou antere ankò. 33#Det 28:26Kadav mouri a pèp sila yo va fè manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale. 34Nan moman sa a, Mwen va fè sispann soti nan vil a Juda yo ak lari a Jérusalem yo, vwa a kè kontan ak vwa a jennonm k ap marye a, ak fi maryaj la; paske #Lev 26:33peyi a va devaste nèt.”
Terpilih Sekarang Ini:
Jérémie 7: BSA
Highlight
Kongsi
Bandingkan
Salin
Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk
Copyright © 2017-2023 Ron Smith