Jérémie 7:22-23
Jérémie 7:22-23 BSA
Paske Mwen pa t pale ak papa zansèt nou yo, ni kòmande yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, pou ofrann brile, ni pou sakrifis. Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’

