Jérémie 43

43
1Men la menm Jérémie, ke SENYÈ a, Bondye pa yo a, te voye a, te #Jr 26:8fin pale tout pèp la tout pawòl a SENYÈ a, Bondye pa yo a—— sa vle di, tout pawòl sila yo—— 2Azaria, #Jr 42:1fis a Hosée, Jochanan, fis a Karéach e tout mesye ògeye yo te di a Jérémie: “W ap bay manti! SENYÈ a, Bondye nou an, pa t voye ou di: ‘Nou p ap antre Égypte pou rete la’. 3Men se #Jr 36:4-32Baruc, fis a Nérija a, k ap chofe ou kont nou pou livre nou nan men a Kaldeyen yo, pou yo menm mete nou a lanmò, oswa ekzile nou Babylone.”
4Pou sa, Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf lame yo, ak tout pèp la, pa t obeyi vwa SENYÈ a pou rete nan peyi Juda a. 5Men Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame yo te pran #Jr 40:11tout retay a Juda yo, ki te retounen soti nan tout nasyon kote yo te konn chase yo rive, pou yo ta ka rete nan peyi Juda a— 6mesye yo, fanm yo, timoun yo, #Jr 41:10fi a wa yo, e chak moun ke Nebuzaradan, chèf a kò gad la te kite avèk Guedalia, fis a Achikam nan ak granpapa a Schaphan, ansanm ak Jérémie, pwofèt la e Baruc, fis a Nérija a. 7Epi yo te antre nan peyi Égypte la paske yo pa t obeyi a vwa SENYÈ #Jr 2:16e yo te rive jis Tachpnaès.
8Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie nan #Jr 46:14Tachpanès. Li te di: 9“Pran kèk nan gwo wòch nan men ou, e sere yo nan mòtye nan pave brik ki nan antre palè Farawon ki nan Tachpanès la, devan zye a kèk nan Jwif yo. 10Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va voye chache Nebucadnetsar, wa Babylone nan #És 44:28sèvitè Mwen an, e Mwen va plase twòn li byen dirèk anwo wòch sila ke m te kache yo; epi li va ouvri gwo abri wayàl pa l anwo yo. 11Anplis, li va vin frape peyi Égypte la. Sila ki te fèt pou mouri va mouri; sila pou prizon yo, va vin anprizone, e sila ki pou nepe yo, va jwenn nepe. 12Epi Mwen va mete dife sou tanp dye Égypte yo, li va brile yo e soti avèk yo kon prizonye. Li va vlope li menm ak peyi Égypte kon yon bèje vlope kò l ak vètman li, e li va sòti la, ansekirite. 13Anplis, li va kraze nèt imaj an wòch Beth-Schémech yo, ki nan peyi Égypte la, epi tanp dye a Égypte yo, li va brile yo ak dife.”’”

Terpilih Sekarang Ini:

Jérémie 43: BSA

Highlight

Kongsi

Bandingkan

Salin

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk