Jérémie 24
24
1Pawòl SENYÈ a te demontre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè #II Wa 24:10-16Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone. 2Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan #Mi 7:1premye rekòlt yo, e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri.
3Konsa, SENYÈ a te di m: #Jr 1:11-13“Kisa ou wè, Jérémie?”
Mwen te reponn: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon, ak move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.”
4Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 5“Konsa pale SENYÈ Israël a ‘Tankou bon fig etranje yo, konsa Mwen va konsidere #Na 1:7kon bon, kaptif a Juda yo, ke m te voye sòti nan plas sa a pou antre nan peyi Kaldeyen yo. 6Paske Mwen va fikse zye M sou yo pou byen e Mwen va #Jr 12:15mennen yo ankò nan peyi sa a. Mwen va bati yo, e Mwen p ap rale fè yo desann. Mwen va plante yo e Mwen p ap rache yo. 7Mwen va bay yo yon #Jr 12:15kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’”
8“Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo—anverite, konsa”, pale SENYÈ a—“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, #Jr 39:9retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo. 9Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon #És 65:15madichon tout kote ke M gaye yo. 10Mwen va voye #És 51:19nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”
Terpilih Sekarang Ini:
Jérémie 24: BSA
Highlight
Kongsi
Bandingkan
Salin
Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk
Copyright © 2017-2023 Ron Smith