Jérémie 11

11
1Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, t ap di: 2“Koute pawòl #Egz 19:5akò sila a e pale avèk mesye Juda yo ak sila ki rete Jérusalem yo. 3Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, #Det 27:26“Modi se nonm ki pa okipe pawòl akò sila a, 4ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan #Det 4:20founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’ 5pou m ka etabli #Egz 13:5sèman ke M te fè ak papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt, ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.”’”
Mwen te reponn: “Amen O SENYÈ”. 6Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, pou di: ‘#Jn 13:17Tande pawòl akò sa a pou fè yo. 7‘Paske Mwen te #I Sam 8:9avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”. 8Malgre sa, yo pa t obeyi, ni panche zòrèy yo vè Mwen. Men yo te mache chak selon tèt di a kè mechan yo. Akoz sa, Mwen te mennen sou yo tout #Lev 26:14-43pawòl akò sila a, ke M te kòmande pou yo fè, men yo pa t fè yo.’”
9Konsa, SENYÈ a te di m: “Gen yon #Éz 22:25konplo vin k ap fèt pami mesye Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo. 10Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo #Jij 2:11-13te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.” 11Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap #II Wa 22:16mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo. 12Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va #Det 32:37ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo. 13Paske dye nou yo menm kantite ak vil nou yo, O Juda; epi menm kantite ak lari Jérusalem yo se lotèl kote nou te plase #Jr 3:24 gwo wont sa yo, menm pou brile lansan bay Baal yo.
14“Akoz sa, pa priye pou pèp sa a. Ni pa leve gwo kri oswa fè lapriyè pou yo; paske Mwen #Jr 3:24p ap koute yo lè yo rele Mwen akoz gwo dezas yo.
15Ki dwa #Jr 13:27byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an
konsi li fin fè zak lèd ak anpil gason,
epi chè sen an fin kite ou?
Lè ou te fè mal sa a,
konsa, ou te rejwi.”
16SENYÈ a te bay ou non:
“Bwa doliv, byen bèl ak anpil fwi”.
Ak #Sòm 83:2gwo bri, li te limen dife sou non sa a,
e branch li yo te kase.
17SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak #Jr 7:9ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.
18Anplis, SENYÈ a te #I Sam 23:11-12fè m konprann, e mwen te konnen li. Konsa, Ou te montre m zak yo. 19Men mwen te tankou yon #És 53:7jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di,
“Annou detwi bwa a ak fwi li.
Annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo,
pou non li pa sonje ankò.”
20Men O SENYÈ dèzame yo, ki #Jen 18:25fè jijman ki dwat yo,
ki sonde santiman ak kè yo,
kite mwen wè vanjans Ou sou yo;
paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.
21Akoz sa, SENYÈ a pale selon mesye #Jr 1:1Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”— 22Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! #II Kwo 36:17Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou. 23Menm yon retay #Jr 6:9p ap rete pou yo. Paske Mwen ap mennen yon dezas sou mesye Anathoth yo, jis li rive ane règleman pa yo.”

Terpilih Sekarang Ini:

Jérémie 11: BSA

Highlight

Kongsi

Bandingkan

Salin

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk