Jérémie 1

1
1Pawòl a #II Kwo 35:25Jérémie yo, fis a Hilkija a, yon nan prèt yo ki te nan Anathoth nan peyi Benjamin. 2Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou #I Wa 13:2Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an. 3Li te anplis, vin rive nan jou #II Wa 23:34Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan fen onzyèm ane Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan egzil a Jérusalem nan senkyèm mwa a. 4Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
5Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,
e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.
Mwen te #Jr 1:10deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
6Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske #I Wa 3:7mwen se sèlman yon jennonm.”
7Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e #Nonb 22:20tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. 8#Egz 3:12Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.
9Epi SENYÈ a te lonje men L e te #És 6:7touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou. 10Ou wè, #Rev 11:3-6Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”
11Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Se kisa ou wè, #Jr 24:3Jérémie?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon bout branch zanmann.”
12Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske #Jr 31:28Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”
13Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa epi te di: “Se kisa ou wè”?
Epi mwen te di: “Mwen wè yon chodyè k ap bouyi, k ap apiye fas li kont nò a.” #Za 4:2 14Konsa, SENYÈ a te di mwen: #És 41:25“Depi nan nò a, mal la va pete vin parèt sou tout sila ki rete nan peyi a. 15Paske gade byen, Mwen ap rele tout fanmi a wayòm yo nan nò”, deklare SENYÈ a;
“Yo va vini, e yo chak va #És 22:7plase twòn yo
nan antre pòtay Jérusalem nan,
kont tout miray antoure li yo, e kont tout vil Juda yo.
16Mwen va pwononse jijman Mwen sou yo pou tout mechanste yo,
akòz yo te abandone Mwen,
te #Jr 7:9ofri sakrifis a lòt dye yo,
e te adore pwòp zèv men pa yo.
17“Alò, pou sa a, #I Wa 18:46mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo. 18Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a. 19Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske #Nonb 14:9Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.

Terpilih Sekarang Ini:

Jérémie 1: BSA

Highlight

Kongsi

Bandingkan

Salin

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk