Ésaïe 62
62
1Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans
e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl,
jiskaske #És 1:26ladwati li vin parèt tankou gran limyè
e sali li tankou yon tòch k ap brile.
2 #
És 60:3
Nasyon yo va wè ladwati ou
e tout wa yo glwa ou.
Konsa, ou va rele pa yon non nouvo ke bouch SENYÈ a va bay.
3Anplis, ou va yon #És 28:5kouwòn byen bèl nan men SENYÈ a ,
e yon dyadèm wayal nan men Bondye ou a.
4Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”,
ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”;
men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: #Os 2:19-20“Marye”.
Paske SENYÈ a pran plezi nan ou
e a Li menm, peyi ou va marye.
5Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj,
konsa fis ou yo va marye avèk ou;
epi menm jan jennonm maryaj la
ap rejwi ak jenn fi maryaj la,
konsa #És 65:19Bondye ou a va rejwi ak ou.
6Sou miray ou yo, O Jérusalem,
Mwen te plase #És 52:8gadyen yo.
Tout lajounen ak tout lannwit,
yo p ap janm rete an silans.
Nou menm ki raple SENYÈ a,
pa pran repo pou tèt nou;
7ni pa bay Li repo jiskaske Li etabli
e fè #És 60:18Jérusalem yon lwanj sou tout tè a.
8 #
És 45:23
SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li
e pa men pwisan Li:
“Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò
kon manje pou lènmi ou yo;
ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf
pou sila ou te depanse fòs ou a.”
9Men sila ki #És 65:13-23ranmase li,
se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a.
Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou
sanktiyè pa Mwen an.
10Antre ladann, antre nan pòtay yo!
Netwaye chemen an pou pèp la!
#
És 57:14
Bati, bati chemen an!
Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.
11Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a:
“Di a fi Sion an: ‘Men #És 51:5sali ou a rive!
Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’”
12Konsa, yo va rele yo: #Det 7:6“Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”.
Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a,
Yon Vil Ki Pa Abandone.”
Terpilih Sekarang Ini:
Ésaïe 62: BSA
Highlight
Kongsi
Bandingkan
Salin
Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk
Copyright © 2017-2023 Ron Smith