Ésaïe 60
60
1“Leve, briye; paske limyè ou fin parèt
e #És 24:23glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.
2Paske gade byen, #És 58:10tenèb va kouvri latè
e pwofon tenèb tout pèp yo.
Men SENYÈ a va vin leve sou ou,
e glwa li va parèt sou ou.
3 #
És 2:3
Nasyon yo va vin kote limyè ou a,
e wa yo nan klète lè ou leve a.
4 #
És 11:12
“Leve zye ou toupatou e gade;
yo tout rasanble ansanm;
yo vin kote ou.
Fis ou yo va vini soti lwen,
e fi ou yo va pote nan bra yo.
5Epi ou va wè, ou va #Sòm 34:5plen ak limyè;
kè ou va kontan e ou va rejwi.
Paske abondans lanmè a va vire vè ou;
gran richès a nasyon yo va rive kote ou.
6Anpil chamo va kouvri ou,
jenn chamo a Madian ak Épha yo.
Tout sila soti #Jen 25:3Séba yo va vini.
Yo va pote lò ak lansan,
e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.
7Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou.
Belye a Nebajoth yo va sèvi ou;
yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an,
e Mwen va #És 60:13glorifye kay Mwen an
ki plen lonè ak mayifisans.
8 #
És 49:21
“Se kilès sa yo ki vole tankou yon nwaj
ak tankou toutrèl vè fenèt pa yo?
9Anverite, peyi kot yo va tann Mwen;
#
Sòm 48:7
gwo bato Tarsis yo va vini premyèman
pou mennen fis ou yo soti lwen;
ajan ak lò yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a
e pou Sila Ki Sen an Israël la,
akoz Li te bay ou glwa.
10 #
És 14:1-2
“Etranje yo va bati, fòtifye miray ou yo,
epi wa pa yo va fè sèvis pa yo.
Paske nan kòlè Mwen, Mwen te frape ou
e nan gras Mwen, Mwen te fè ou mizerikòd.
11 #
És 26:2
Pòtay ou yo va vin louvri nèt tout tan;
yo p ap fèmen ni lajounen, ni lannwit,
pou yo kapab pote bay ou richès a tout nasyon yo,
ak wa yo kon kaptif.
12Paske #És 14:2nasyon ak wayòm ki p ap sèvi ou a va peri;
wi, nasyon sa yo va fin detwi nèt.
13“Glwa a Liban an va rive kote ou,
bwa pichpen an, bwa sèd ak bwa blan
pou anbeli plas sanktyè Mwen an.
Mwen va fè #I Kwo 28:2plas pye Mwen yo vin plen glwa.
14 #
És 14:1-2
Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou
e tout sila ki te meprize ou yo
va bese yo menm devan pla pye ou.
Yo va rele ou vil SENYÈ a,
Sion a Sila Ki Sen an Israël la.
15“Konsi, ou te abandone e rayi, pou pèsòn pa pase ladann,
Mwen va fè ou #És 4:2vin plen ak majeste,
yon objè lajwa de jenerasyon an jenerasyon.
16Anplis, ou va souse lèt a nasyon yo,
e ou va souse tete a wa yo.
Konsa, ou va konnen ke Mwen, SENYÈ a,
se #És 19:20Sovè ou e Redanmtè ou,
Sila Ki Pwisan a Jacob la.
17Olye bwonz, Mwen va pote lò;
olye fè, Mwen va pote ajan;
olye bwa, Mwen va pote bwonz
e olye wòch, Mwen va pote fè.
Anplis, Mwen va fè lapè vin chèf ou
e ladwati kon konseye ou.
18 #
És 54:14
Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou,
ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou;
men ou va rele miray ou yo: “Sali” e pòtay ou yo: “Lwanj”.
19Ou p ap sèvi #Rev 21:23solèy la pou limyè lajounen ankò,
ni klate lalin a nan pou ba ou limyè;
men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl
e Bondye ou kon glwa ou.
20 #
És 30:26
Solèy ou p ap bese ankò,
ni lalin nan p ap febli;
paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl
e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini.
21Epi tout moun ou yo va dwat,
Yo va #Sòm 37:11-22posede peyi a jis pou tout tan;
branch ke M te plante a, zèv a men M yo,
pou M kapab resevwa glwa.
22Pi piti a va devni yon gran pèp
e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan.
Mwen, SENYÈ a va fè l prese rive nan lè l.”
Terpilih Sekarang Ini:
Ésaïe 60: BSA
Highlight
Kongsi
Bandingkan
Salin
Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk
Copyright © 2017-2023 Ron Smith