Ésaïe 52

52
1 # És 51:9-17 Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion.
Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an;
paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo
p ap antre kote ou a ankò.
2Souke leve kò ou #És 29:4sòti nan pousyè a,
O kaptif Jérusalem nan!
Retire chenn sa yo nan kou ou,
O fi kaptif a Sion an.
3Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi
e ou va #És 1:27rachte san vèse lajan.”
4Paske konsa pale SENYÈ a:
“Pèp Mwen an nan kòmansman,
# Jen 46:6 te desann an Égypte pou rezide la,
epi Asiryen yo te oprime yo san koz.
5Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a,
“konsi pèp Mwen an te retire san koz?”
Ankò deklare SENYÈ a:
“Konsi, pèp Mwen rachte pou reyen,
epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan,
e #Éz 36:20-23non Mwen blasfeme tout lajounen,
6pou sa, pèp Mwen an va #És 49:23konnen non Mwen.
Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale.
Gade byen, se Mwen!”
7A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote #És 40:9bòn nouvèl la,
ki anonse lapè,
ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan,
ki anonse Sali,
ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”
8Gadyen ou yo leve #És 62:6vwa yo.
Yo rele fò ak kè kontan ansanm;
paske yo va wè ak pwòp zye yo
lè SENYÈ a retounen nan Sion an.
9Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo,
paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.
Li te #És 43:1rachte Jérusalem.
10SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè.
# És 45:22 Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.
11 # És 48:20 Sòti! Sòti! Kite kote sa a!
Pa touche anyen ki pa pwòp!
Sòti nan mitan li!
Vin pirifye nou menm!
Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.
12Nou p ap kite ak gran vites,
ni nou p ap kouri devan moun;
paske #És 26:7SENYÈ a va ale devan nou
e Bondye Israël la va fè gad an aryè.
13Gade byen, #És 42:1sèvitè Mwen an va aji avèk sajès.
Li va leve wo, e vin egzalte anpil.
14Menm jan ke anpil moun te etone de ou—
konsa #És 53:2-3aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun,
e fòm li plis ke fis a lòm yo.
15Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon.
Wa yo va pe bouch yo pou koz Li;
paske #Wo 15:21sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l,
e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.

Terpilih Sekarang Ini:

Ésaïe 52: BSA

Highlight

Kongsi

Bandingkan

Salin

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk