Ésaïe 48

48
1“Tande sa, O lakay Jacob,
ki rele pa non Israël,
ki te sòti nan dlo Juda la.
Nou #Det 6:13sèmante pa non SENYÈ a,
e envoke Bondye Israël la,
men san verite e san ladwati.
2Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an
e yo #És 10:20depann sou Bondye Israël la;
SENYÈ dèzame se non Li.
3Mwen te #És 41:22deklare ansyen bagay lontan yo,
yo te sòti nan bouch Mwen e Mwen te pwoklame yo.
Sibitman Mwen te fè yo, e yo te vin rive.
4Akoz Mwen konnen ke #Egz 32:9tèt ou di,
kou ou tankou ba fè,
e fwontèn ou tankou bwonz;
5pou sa, Mwen te deklare sa a ou menm lontan sa;
avan yo te rive, Mwen te pwoklame yo a Ou menm,
pou ou pa ta di: ‘Se #Jr 44:15-18zidòl mwen an ki te fè l;
imaj taye mwen ak imaj fonn mwen an
ki te kòmande yo.’
6Ou te tande sa!
Gade tout sa!
Konsa, ou menm, èske ou p ap deklare li?
Mwen pwoklame #És 42:9bagay tounèf yo a ou menm soti kounye a,
tout bagay kache a ke ou pa t konnen yo.
7Se koulye a yo fèt, e pa lontan sa.
Avan jou sa a, ou pa t tande yo.
Konsa, ou p ap di: “Gade byen, mwen te konnen yo”.
8Anverite, Ou pa t konn tande yo,
ni ou pa t konnen yo.
Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri,
paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken.
Depi nan nesans ou, se #Det 9:7-24rebèl ou te ye.
9 # Né 9:30-31 Pou koz a non Mwen, M ap fè kòlè Mwen pran ti reta;
pou koz lwanj Mwen, Mwen ralanti l pou ou,
pou m pa koupe retire ou nèt.
10Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan;
Mwen te fè ou pase a leprèv nan founo doulè a.
11Pou koz pa M,
pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji;
paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa?
# Det 32:26-27 Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt.
12Koute Mwen, O Jacob,
menm Israël ke M te rele a;
Mwen se Li menm nan.
# És 44:6 Mwen se premye a.
E Mwen se osi dènye a.
13Anverite, men M te #Egz 20:11etabli latè,
e men dwat Mwen te louvri syèl yo.
Lè M rele yo, yo kanpe ansanm.
14Rasanble, nou tout pou koute!
Se kilès pami yo ki te deklare bagay sa yo?
Sila SENYÈ a renmen; li va #És 46:10-11akonpli sa li pito sou Babylone.
Men L va kontra Kaldeyen yo.
15Mwen menm, Mwen te pale.
Anverite, Mwen te #És 41:12rele li.
Mwen te mennen li,
e Li va fè chemen li yo vin reyisi.
16Vin toupre Mwen, koute sa:
“Depi nan kòmansman, Mwen pa t pale an sekrè;
depi tan sa te rive a, Mwen te la.”
Epi koulye a #Za 2:9-11Senyè BONDYE a te voye Mwen ak Lespri Li.
17Konsa pale SENYÈ a,
Redanmtè ou a,
Sila Ki Sen an Israël la:
“Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi,
ki #Sòm 32:8mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.
18Si sèlman ou te #Det 5:29okipe kòmandman Mwen yo!
Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè,
e ladwati ou tankou lam lanmè yo.
19Desandan nou yo t ap tankou sab e pitit ou yo tankou grenn sab.
# És 56:5 Non pa li pa ta janm vin disparèt ni detwi devan prezans Mwen.”
20 # Jr 50:8 Ale kite Babylone!
Sove ale devan Kaldeyen yo!
Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa.
Voye li rive jis nan dènye pwent latè.
Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”
21Yo pa t swaf lè Li te mennen yo travèse dezè yo.
Li te fè dlo sòti nan wòch pou yo;
Li te fann wòch la e #Sòm 78:20dlo te vin pete.
22 # És 57:21 “Pa gen lapè pou mechan yo”, SENYÈ a di.

Terpilih Sekarang Ini:

Ésaïe 48: BSA

Highlight

Kongsi

Bandingkan

Salin

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk