Ésaïe 1
1
1Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak #II Wa 18:1-20 Ézéchias, wa Juda yo.
2Koute O syèl yo e tande O latè;
paske SENYÈ a pale:
“Fis Mwen leve yo,
men yo #És 30:1-9 fè rebèl kont Mwen.
3Yon bèf konnen mèt li
e yon bourik manjwa a mèt li,
men Israël #Jr 9:3pa konsa.
Pèp Mwen an pa reflechi.”
4Elas, yon nasyon plen peche,
yon pèp peze avèk inikite,
#
És 14:20
ras malfektè, fis ki fè zak konwonpi!
Yo te abandone SENYÈ a;
yo te meprize Sila Ki Sen Israël la.
Yo te vire kite Li nèt!
5Se ki bo nou va pran so ankò?
#
És 31:6
Poukisa nou mache fè rebèl san rete?
Tout tèt la malad e tout kè a fèb.
6 #
Job 2:7
Depi nan pla pye jis rive nan tèt,
nanpwen anyen ak sante ladann,
sèlman kote ki brize, ak maleng ak blese.
Yo pa pran swen, ni panse, ni soulaje l ak lwil.
7 #
Lev 26:33
Peyi nou an vin devaste, vil nou yo brile ak dife.
Chan nou yo——se etranje k ap devore yo nan prezans nou;
se dezolasyon nèt, pandan etranje yo ap ranvèse li.
8Fi Sion an vin tankou yon ti tonèl
nan yon chan rezen,
tankou abri a yon gadyen nan yon chan konkonb,
tankou yon vil ki anba syèj.
9 #
Wo 9:29
Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv,
nou t ap tankou Sodome,
nou t ap sanble ak Gomorrhe.
10Tande pawòl SENYÈ a, nou menm, chèf #És 3:9 Sodome yo;
bay zòrèy nou enstriksyon Bondye nou a,
nou menm pèp Gomorrhe.
11 #
Sòm 50:8
“Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye
k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a.
Mwen fin resevwa kont ofrann brile
a belye ak grès a bèf gra yo.
Mwen pa pran plezi nan san towo yo,
jenn mouton, ni kabrit.
12Lè nou vin #Egz 23:17parèt devan M,
kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa?
13Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò;
lansan vin abominab devan M.
Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo—
Mwen pa ka #Jr 7:9-10sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.
14Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo.
Yo vin yon gwo fado pou mwen.
Mwen #És 7:13 fatige sipòte yo.
15Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè,
Mwen va kache zye M de nou menm.
Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo.
Men nou kouvri ak san.
16Lave nou pou nou vin pwòp;
retire zak malonèt nou yo devan zye M.
#
Jr 25:5 Sispann fè mechanste.
17Aprann fè sa ki bon;
chache lajistis,
fè sekou oprime yo,
defann òfelen yo,
plede ka a vèv la.
18“Alò, vini koulye a; #És 41:1-21annou rezone ansanm, di SENYÈ a:
“Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;
malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
19Si nou vin dakò e obeyi,
nou va #És 55:2 manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;
20men si nou refize, e fè rebèl,
nou va devore pa nepe.”
Anverite, #És 40:5 bouch SENYÈ a fin pale.”
21Gade vil fidèl la vin devni yon #És 57:3-9pwostitiye!
Sila ki te konn plen ak jistis la!
Nan yon lè, ladwati te rete nan li,
men koulye a, se asasen yo ye.
22Ajan ou yo, koulye a vin tounen kim
e bwason ou vin mele ak dlo.
23 #
Os 5:10
Chèf ou yo se rebèl yo ye
k ap fè zanmi parèy ak volè.
Se yo tout ki renmen resevwa
anba tab ak kouri dèyè benifis.
Yo pa defann òfelen an,
ni ka a vèv la pa rive devan yo.
24Pou sa, Senyè BONDYE dèzame yo,
Toupwisan Israël la, deklare:
“Ah, M ap jwenn soulajman de advèsè Mwen yo;
M ap #Det 28:63pran vanjans mwen sou lènmi Mwen yo.
25Mwen va vire men m kont nou
e Mwen va #Éz 22:19-22fonn kim nou an tankou se ak likid lesiv,
pou l pa gen metal ki rete.
26Mwen va restore #És 60:17jij nou yo tankou nan kòmansman an
ak konseye yo jan lè nou te fenk kòmanse a.
Apre sa, yo va rele nou vil ladwati,
yon vil ki fidèl.
27Sion va #És 35:9rachte ak lajistis, e sila ki repanti ladann yo va plen ladwati a.
28Men transgresè ak pechè yo va #Sòm 9:5kraze ansanm,
e sila ki abandone SENYÈ yo va vin disparèt nèt.
29Anverite, nou va wont pou bwadchenn ke nou te pito yo,
e nou va wont pou #És 65:3 jaden ke nou te pito yo.
30Paske nou va tankou yon bwadchenn ak #És 64:6fèy ki fennen,
oswa tankou yon jaden ki pa gen dlo menm.
31Sila ki pwisan an va devni retay pishpèn.
Zèv li yo anplis va tankou etensèl dife.
Konsa, y ap brile ansanm
e p ap gen moun ki pou fè yo etenn.”
Terpilih Sekarang Ini:
Ésaïe 1: BSA
Highlight
Salin
Bandingkan
Kongsi
Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk
Copyright © 2017-2023 Ron Smith