Ézéchiel 15
15
1Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2Fis a lòm, kisa bwa #Sòm 80:8-16chan rezen fè pou l pi bon pase nenpòt bwa branch lyann yo ki pami pyebwa forè yo? 3Èske ou ka retire bwa sou li pou fè yon bagay, oswa èske moun ka fè yon kwòk ak li pou pann veso? 4Si yo te mete li nan #És 27:11dife la pou brile, dife a fin manje de pwent li e mitan an fin boukannen tounwa. Konsa, èske li ka itil pou yon bagay? 5Gade byen, pandan li an bòn fòm nan, li pa itil anyen. Konbyen anmwens lè dife fin manje li e vin boukannen l tounwa a, pou l ka itil pou fè yon bagay!
6Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan lyann yo pami tout pyebwa forè yo, ke m te bay nan dife pou brile a, se konsa mwen te bay moun ki rete Jérusalem yo. 7Mwen mete figi M kont yo. Byenke yo te #I Wa 19:17sòti nan dife a, malgre sa, dife a va manje yo. Ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen mete figi M kont yo. 8Konsa, Mwen va fè tè a vin dezole, akoz yo te #Éz 14:13aji ak enfidelite,” deklare Senyè BONDYE a.
Terpilih Sekarang Ini:
Ézéchiel 15: BSA
Highlight
Kongsi
Bandingkan
Salin
Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk
Copyright © 2017-2023 Ron Smith