Ézéchiel 11
11
1Anplis, #Éz 3:12-14Lespri a te leve m monte e te mennen mwen nan pòtay lès lakay SENYÈ a ki te anfas vè lès. Epi gade byen, venn-senk mesye nan antre pòtay la e pami yo, mwen te wè Jaazania, fis a Azzur a ak Pelathia, fis a Benaja a, chèf yo a pèp la. 2Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki #Sòm 2:1bay move konsèy nan vil sa a, 3ka p di: ‘Tan pou bati kay yo pa pwòch. #Jr 1:13Vil sa a se chodyè a e nou se chè a.’ 4Akoz sa, #Éz 3:4-17pwofetize kont yo, fis a lòm. Se pou ou pwofetize!”
5Lespri SENYÈ a te tonbe sou mwen e Li te di mwen: “Pale konsa, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou reflechi, o lakay Israël, paske #Jr 11:20Mwen konnen panse nou yo. 6Nou te #És 1:15miltipliye moun ki touye yo nan vil sa a, e plen ri yo nèt avèk yo.”
7“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: #Éz 24:3-13“Moun touye nou yo ke nou te fè kouche nan mitan vil la, se chè a, e vil la se chodyè a; men nou va mennen sòti ladann. 8Nou te #Pwov 10:24pè yon nepe. Pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9“Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la. Mwen va delivre nou nan men a etranje yo, e #Éz 5:8egzekite jijman kont nou. 10Nou va #Jr 52:9-10tonbe pa nepe. Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 11Vil la p ap yon #Éz 11:3-7chodyè pou nou, ni nou p ap chè nan mitan l. Men Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. 12Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t #Éz 18:8-9swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.”’”
13Alò, li te vin rive ke pandan mwen t ap pwofetize a, ke #Éz 11:1Pelathia, fis a Benaja a, te mouri. Epi mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò ak yon gwo vwa e mwen te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske Ou va mennen retay Israël la pou fin detwi nèt?” 14Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 15“Fis a lòm, frè ou yo, fanmi ou yo, egzile parèy ou yo ak tout lakay Israël la, yo tout, se moun a sila abitan Jérusalem yo te di: ‘Ale lwen SENYÈ a; peyi sa a te bay a #Éz 33:24nou kon posesyon.’”
16“Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, malgre mwen va yon #Sòm 31:20abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo rive yo.”’
17“Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va #És 11:11-16ranmase nou soti nan pèp yo, Mwen va rasanble nou sòti nan peyi pami sila nou te gaye yo, e Mwen va bannou peyi Israël la.”
18“‘Lè yo vini la, yo va #Éz 37:23retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann. 19Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire #Za 7:12kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè, 20pou yo ka #Sòm 105:45mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo. 21Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va #Éz 9:10mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”
22Epi cheriben yo te #Éz 10:19leve zèl yo ak wou akote yo e glwa a Bondye Israël la te vin pann sou yo. 23#Éz 8:4Glwa SENYÈ a te monte soti nan mitan vil la e te kanpe anwo mòn ki nan pati lès vil la. 24Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo.
Se konsa vizyon mwen te wè a, te #Trav 10:16kite mwen. 25Epi mwen te #Éz 2:7di egzile yo tout bagay ke SENYÈ a te montre mwen.
Terpilih Sekarang Ini:
Ézéchiel 11: BSA
Highlight
Kongsi
Bandingkan
Salin
Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk
Copyright © 2017-2023 Ron Smith