“Senyè BONDYE a di: ‘Anplis, Mwen va pran yon ti branch piti soti anlè pye sèd la e Mwen va plante li. Mwen va rache nan pi wo pwent a jenn ti boujon li yo, youn ki piti e ki mou e Mwen va plante li sou yon mòn ki byen wo. Sou mòn byen wo Israël la, Mwen va plante li, pou li kapab pwodwi gwo branch, bay fwi e devni yon gwo pye sèd byen bèl. Epi zwazo de tout kalite yo va fè nich yo anba li. Yo va pran repo nan lonbraj branch li yo.