YouVersion logotips
Meklēt ikonu

Women Yo 3

3
1Konsa, ki avantaj Jwif la genyen? Oubyen ki benefis sikonsizyon genyen? 2Anpil nan tout aspè. Premyèman #Det 4:8Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo. 3Answit kisa? Si #Wo 10:16kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa? 4Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: #Sòm 51:4“Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”
5Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? #Wo 6:19(M ap pale tankou yon moun)? 6Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman #Wo 2:16Bondye va jije lemond? 7Men si akoz manti pa m #Wo 3:4verite Bondye a vin parèt jis pou glwa Li, #Wo 9:19poukisa yo toujou jije m kòm yon pechè? 8Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): #Wo 6:1“Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis. 9Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche. 10Jan sa ekri a:
# Sòm 14:1-3 “Pa gen moun ki jis, pa menm youn.
11Pa gen moun ki gen konprann.
Pa gen moun ki chache Bondye.
12Tout detounen, ansanm yo tout vin initil.
Pa gen moun ki fè sa ki bon;
pa menm yon sèl.
13 # Sòm 5:9 Gòj pa yo se yon tonm tou louvri.
Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon.
# Sòm 140:3 Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.
14 # Sòm 10:7 Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;
15 # És 59:7 pye yo kouri rapid pou fè san koule.
16Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo;
17epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l.
18 # Sòm 36:1 Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”
19Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak #Wo 2:12; Wo 3:9sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye. 20Paske #Sòm 142:3pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.
21Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè #Wo 1:17ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske #Wo 10:12pa gen patipri. 23Paske tout moun #Wo 3:9 peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24Men Yo #Wo 4:4,16jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon #I Jn 2:2viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
27 # Wo 2:17,23 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28Paske #Trav 13:39nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. 29Oubyen #Trav 10:34èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. 30Anfèt akoz Bondye #Wo 3:22ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.
31Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou #Mat 5:17etabli Lalwa a.

Pašlaik izvēlēts:

Women Yo 3: BSA

Izceltais

Dalīties

Kopēt

None

Vai vēlies, lai tevis izceltie teksti tiktu saglabāti visās tavās ierīcēs? Reģistrējieties vai pierakstieties