Logo YouVersion
Icona Cerca

Jenèz (Liv Konmansman an)

(Liv Konmansman an)
Premye liv Labib la pote non li vre. Li rakonte konmansman tout bagay: ki jan Bondye te kreye syèl la ak latè a ansanm ak tou sa ki ladan yo, ki jan peche ak soufrans konmanse sou latè ak ki jan Bondye li menm sòti pou boule ak moun. Depi tout tan, moun te kwè chak peyi te gen bondye pa yo ak lespri pa yo y'ap sèvi. Liv Konmansman an fè konnen se yon sèl Bondye a ki genyen pou tout moun. Li la depi tout tan, epi l'ap toujou la. Bondye sa a mete moun li kreye yo jeran tout bagay sou latè. Depi yo fè volonte l, depi yo pa vire do ba li, l'ap ba yo jwisans lavi. Liv la rakonte nou ki jan moun te pito fè volonte pa yo pase pou yo te fè volonte Bondye. Men, atout moun te fè sa, Bondye pou tèt pa l te sòti pou l delivre yo anba peche ak tout konsekans peche a.
Nou ka separe liv la fè de pòsyon: Premye pòsyon an pi kout (chapit 1—11). Nou jwenn ladan l istwa depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay, ki jan peche ak soufrans antre nan lavi moun, istwa premye zansèt tout moun sou latè depi Adan rive Noye, istwa gwo inondasyon an ak istwa gwo fò won Babèl la.
Dezyèm pòsyon an ki pran nan chapit 12—50 bay istwa konmansman pèp Izrayèl la depi Abraram, Izarak ak Jakòb. Se Jakòb sa a yo vin rele Izrayèl. Li fè douz pitit gason. Se yo menm ki bay douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Apre sa, liv la fè nou konnen sa ki rive Jozèf, yonn nan pitit Jakòb yo, ki jan Jakòb ak tout fanmi l yo fè al chwe nan peyi Lejip.
Nan tout istwa sa yo nou wè plan travay Bondye a konmanse ap devlope. Se li menm k'ap fè, se li menm k'ap jije, se li menm k'ap pini moun k'ap fè sa ki mal. Men, se li menm tou k'ap louvri chemen pou pèp li a, l'ap pran men yo, l'ap ede yo, l'ap dirije lavi yo depi yo renmen l, depi yo koute l.
Konsa, istwa a konmanse ak Bondye ki kreye syèl la ak latè a, li fini avèk Bondye ankò ki pwomèt li p'ap janm lage pèp li a.
Men plan liv la
1. Bondye kreye tout bagay, li kreye moun (1—2)
2. Peche ak soufrans parèt sou latè (3)
3. Depi Adan rive Noye (4—5)
4. Noye ak gwo inondasyon an (6—10)
5. Gwo fò won Babèl la (11.1-9)
6. Depi Sèm, pitit Noye a, rive Abraram (11.10-32)
7. Zansèt pèp Izrayèl la: Abraram, Izarak ak Jakòb (12—35)
8. Pitit Ezayi, frè Jakòb la (36)
9. Demele Jozèf ak frè l yo (37—45)
10. Fanmi Izrayèl la nan peyi Lejip (46—50)

Attualmente Selezionati:

Jenèz (Liv Konmansman an): HAT98

Evidenziazioni

Condividi

Copia

None

Vuoi avere le tue evidenziazioni salvate su tutti i tuoi dispositivi?Iscriviti o accedi

YouVersion utilizza i cookie per personalizzare la tua esperienza. Utilizzando il nostro sito Web, accetti il nostro utilizzo dei cookie come descritto nella nostra Privacy Policy