SajèsEgzanp

Sajès Egal Krent pou Bondye
Se moun ki gen krentif pou Seyè a ki gen sajès, kidonk yon moun k ap viv san krentif pou Bondye se tankou yon moun ki pèdi tèt li. Anpil moun parèt bon moun men yo pa gen krentif pou Bondye, se sa ki fè moun sa yo kapab fè nenpòt bagay san konsyans yo pa janm repwoche yo.
Lè ou gen krentif pou Bondye ou chache fè Bondye plezi, ou pa chita nan mitan moun ki ap pase non Bondye nan betiz. Ou chache konpayi moun ki renmen Bondye menm jan ak ou. Bondye li menm pran plezi nan obeyisans ou epi konsa li ap beni w ak tout kalite benediksyon
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Anpil moun toujou konfonn jantiyès ak sajès, sa vle di moun ki gen bonjan ak moun ki gen Sajès-konesans, sa konn fè kèk fwa menm nan predikasyon yo, moun souvan twouble. Jodi a nou pral pale de Sajès- Bon konprann pou pran desizyon, bon konprann pou viv nan sosyete, bon konprann pou viv yon lavi kretyèn san fay. Gid lekti biblik pou senk jou sa a ap ede nou reflechi sou sajès, sou kijan nou kapab pran bon direksyon epi viv nan konesans Bib la.
More
Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/
Plan ki liye yo

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Grandi Nan Sanktifikasyon

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo
