SajèsEgzanp

Byen Konprann Lavi
Pandan syèk yo, anpil ansyen filozòf ak pèsonalite relijye te chèche sajès kòm kle pou konprann mistè lavi a. Anpil Filozof pale de Sajès sa a, se sa k fè lè yon timoun ap fè klas filo lekòl, yo souvan di se klas Sajès. Gwo filozof tankou Sokrat, Platon elatriye, yo pale anpil sou sajès. Yo poze kesyon pou yo jwenn repons sou mistè, sa vle di bagay moun pako rive konprann ou poko ka konprann sou lavi a. Men moun sa yo san Jezi, yo te genyen yon sajès ki limite sèlman ak sa moun ka wè e ka konprann men, nou menm Kretyen sajès pa nou soti anwo nan limyè Lespri Bondye mete nan nou. Bib la di nan liv Ebre chapit 11 vèsè 1 “ Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou l resevwa sa l ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou egziste tout bon vre.’’ Pi lwen ankò Bondye di nan liv Ezayi a nan chapit 55 vèsè 8: ‘’Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m'. Se Seyè a menm ki di sa.’’
Donk byen konprann lavi se byen konprann Bondye, moun ki gen sajès tout vre a se moun ki chita sou sa Bondye vle. Kelkeswa nivo entèlektyèl yon moun, si li pa gen Espri Bondye nan li se tankou yon dwoum ki vid, k ap bri nan tèt moun.
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Anpil moun toujou konfonn jantiyès ak sajès, sa vle di moun ki gen bonjan ak moun ki gen Sajès-konesans, sa konn fè kèk fwa menm nan predikasyon yo, moun souvan twouble. Jodi a nou pral pale de Sajès- Bon konprann pou pran desizyon, bon konprann pou viv nan sosyete, bon konprann pou viv yon lavi kretyèn san fay. Gid lekti biblik pou senk jou sa a ap ede nou reflechi sou sajès, sou kijan nou kapab pran bon direksyon epi viv nan konesans Bib la.
More
Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/
Plan ki liye yo

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Grandi Nan Sanktifikasyon

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo
