Matye 27:26-31
Matye 27:26-31 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y'al kloure l sou yon kwa. Sòlda Pilat yo mennen Jezi nan kay gouvènè a. Yo sanble tout batayon sòlda yo fè wonn li. Yo dezabiye l, yo mete yon gwo rad koulè wouj vyolèt sou li. Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l, yo pran pase l nan betiz. Yo di li: — Bonjou, wa jwif yo! Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l kou nan tèt. Apre yo fin pase l anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l sou li ankò. Epi yo mennen l ale pou yo kloure l sou yon kwa.
Matye 27:26-31 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Alors Pilate leur libère Barabbas. Il fait frapper Jésus à coups de fouet et il le livre aux soldats pour qu’ils le clouent sur une croix. Alors les soldats romains emmènent Jésus dans le palais du gouverneur. Ils rassemblent toute la troupe autour de lui. Pour se moquer de lui, ils lui enlèvent ses vêtements et lui mettent un habit rouge . Ils tressent une couronne avec des branches épineuses et la posent sur sa tête. Ils lui placent un roseau dans la main droite. Ensuite, ils se mettent à genoux devant lui et ils se moquent de lui en disant : « Salut, roi des Juifs ! » Ils crachent sur lui et ils prennent le roseau pour le frapper sur la tête. Quand ils ont fini de se moquer de Jésus, ils lui enlèvent l’habit rouge et lui remettent ses vêtements. Après cela, ils l’emmènent pour le clouer sur une croix.
Matye 27:26-31 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Konsa, Pilat lage Barabas. Li fè bat Jezi. Epi li livre Jezi bay sòlda yo pou y al krisifye l. Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan. Yo dezabiye l, epi yo mete yon tòj wouj vyolèt sou li. Yo trese yon kouwòn ak branch pikan met sou tèt li. Yo mete yon baton nan men dwat li. Apre sa yo met ajenou devan l, epi yo t ap rele “Viv wa Juif yo!” pou yo te ka pase l nan betiz. Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt. Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa yo pati avè l pou yo al krisifye l.
Matye 27:26-31 New International Version (NIV)
Then he released Barabbas to them. But he had Jesus flogged, and handed him over to be crucified. Then the governor’s soldiers took Jesus into the Praetorium and gathered the whole company of soldiers around him. They stripped him and put a scarlet robe on him, and then twisted together a crown of thorns and set it on his head. They put a staff in his right hand. Then they knelt in front of him and mocked him. “Hail, king of the Jews!” they said. They spit on him, and took the staff and struck him on the head again and again. After they had mocked him, they took off the robe and put his own clothes on him. Then they led him away to crucify him.
Matye 27:26-31 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Alors Pilate leur relâcha Barabbas. Quant à Jésus, après l’avoir fait battre à coups de fouet, il le livra pour qu’on le crucifie. Les soldats du gouverneur traînèrent Jésus vers l’intérieur du palais et rassemblèrent toute la cohorte autour de lui. Ils lui arrachèrent ses vêtements et le revêtirent d’un manteau écarlate. Ils lui posèrent sur la tête une couronne tressée de rameaux épineux ; dans sa main droite, ils placèrent un roseau en guise de sceptre. Ils s’agenouillèrent devant lui en disant sur un ton sarcastique : Salut, roi des Juifs ! Ils crachaient sur lui et, prenant le roseau, ils le frappaient à la tête. Quand ils eurent fini de se moquer de lui, ils lui ôtèrent le manteau, lui remirent ses vêtements et l’emmenèrent pour le crucifier.