Mat 27

27
Yo mennen Jezi bay Pilat
(Mak 15:1; Lik 23:1-2; Jan 18:28-32)
1Byen bonè nan maten, tout chèf prèt yo ak tout lidè Jwif yo te pran desizyon pou yo touye Jezi. 2Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a.
Jida touye tèt li
(Trav 1:18-19)
3Lè Jida, moun ki te trayi Jezi a, wè yo pral touye l, li regrèt sa l te fè a. Li pote trant pyès lajan an remèt chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo. 4Li di: “Mwen peche paske mwen te livre yon nonm inosan bay lènmi l yo pou yo touye l.”
Yo reponn li: “Ki mele nou? Sa a se biznis pa w!”
5Jida voye pyès lajan yo anndan tanp la, epi l soti, l al pann tèt li.
6Chèf prèt yo ranmase pyès lajan yo, epi yo di: “lajan sa a se lajan san, lalwa pa pèmèt nou mete l nan kès tanp la.” 7Konsa, yo mete yo dakò pou yo achte yon tèren yo rele Jaden Potye a. Tèren sa a te sèvi simityè pou vizitè ki mouri pandan y ap vizite Jerizalèm. 8Se poutèt sa, depi lè a, yo rele tèren kot simityè a ye a Jaden San. 9Alò, pwofesi pwofèt Jeremi an te akonpli:
“Yo pran trant pyès lajan. Se fòs kòb sa a pèp Izrayèl te deside peye pou lavi l. 10Yo pran trant pyès lajan sa a, yo achte Jaden Potye a avè l, jan Senyè a te ban m lòd la.”#27:9-10 Gade nan Zak 11:12-13; Jer 32:6-9.
Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi
(Mak 15:2-5; Lik 23:3-5; Jan 18:33-38)
11Jezi parèt devan gouvènè a. Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?”
Jezi reponn li: “Se sa ou di.”
12Apre sa, malgre tout akizasyon chèf prèt yo ak lidè Jwif yo t ap mete sou do l, li pa t janm ouvè bouch li.
13Lè Pilat wè sa, li di l: “Ou gen lè pa tande ki valè akizasyon y ap met sou do w?”
14Men, Jezi pa t janm di yon mo. Sa te fè Pilat sezi anpil.
Pilat eseye libere Jezi
(Mak 15:6-15; Lik 23:13-25; Jan 18:39–19:16)
15Chak ane nan sezon fèt Pak la, gouvènè a te gen abitid pou l lage nenpòt prizonye foul la te vle. 16Lè sa a, te gen yon prizonye moun te byen konnen yo te rele Barabas.#27:16 Barabas Nan kèk kopi nan lang Grèk, non prizonye a se Jezi Barabas.
17Konsa lè foul la te rasanble, Pilat mande yo: “Kilès nan de a nou vle m lage ba nou: Barabas oswa Jezi, yo rele Kris la?” 18Li konnen se jalouzi ki fè moun yo te livre Jezi ba li.
19Pandan Pilat chita nan plas espesyal li konn fè jijman an, madanm li voye di l: “Pa foure kò w twò fon nan zafè sa a, paske nonm lan inosan. Yè swa mwen fè yon move rèv sou li, epi depi lè a m boulvèse anpil.”
20Men, chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo, te gen tan jwe nan tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas epi kondane Jezi.
21Gouvènè a mande: “Kilès nan de prizonye yo nou vle pou m lage?”
Pèp la reponn: “Barabas!”
22Pilat di ankò: “Ki sa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?”
Yo tout reponn: “Krisifye l!”
23Pilat mande yo: “Men, pouki? Ki mal li fè?”
Men yo tout te pran rele pi fò: “Krisifye l!”
24Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!”
25Pèp la reponn: “Ou mèt met lanmò a sou do nou menm ak tout pitit nou!”
26Konsa, Pilat lage Barabas. Li fè bat Jezi. Epi li livre Jezi bay sòlda yo pou y al krisifye l.
Sòlda women yo pase Jezi nan betiz
(Mak 15:16-20; Jan 19:2-3)
27Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan. 28Yo dezabiye l, epi yo mete yon tòj wouj vyolèt sou li. 29Yo trese yon kouwòn ak branch pikan met sou tèt li. Yo mete yon baton nan men dwat li. Apre sa yo met ajenou devan l, epi yo t ap rele “Viv wa Juif yo!” pou yo te ka pase l nan betiz. 30Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt. 31Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa yo pati avè l pou yo al krisifye l.
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mak 15:21-32; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)
32Pandan yo sou wout pou y al krisifye Jezi a, yo kontre ak Simon, moun Sirèn. Yo fòse l pote kwa Jezi a. 33Lè yo rive kote yo rele Gòlgota a (Gòlgota vle di: Plas zo tèt), 34yo ba l bwè yon melanj diven ak yon bagay anmè. Lè Jezi goute l, li refize bwè l.
35Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò#27:35 Referans tiraj osò pou yo separe rad li yo soti nan ansyen vèsyon Grèk ki nan Sòm 22:19. pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 36Sòlda yo te ret chita veye l. 37Te gen yon pannkat nan tèt kwa Jezi ki te di pouki yo touye l. Men sa k te ekri ladan l: nonm sa a, se Jezi, wa Jwif yo.
38Yo te pwofite menm okazyon an pou yo krisifye de bandi, youn sou bò dwat Jezi, lòt la sou bò gòch li. 39Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. 40Yo t ap di: “Ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt! Si ou se pitit Bondye vre se pou desann kwa a!”
41Chèf prèt yo, pwofesè lalwa yo ak lòt lidè Jwif yo, t ap pase Jezi nan betiz menm jan ak lòt moun yo. Yo t ap di: 42“Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. Si l se wa Izrayèl vre se pou l desann kwa a. Lè sa n ap kwè nan li. 43Li mete konfyans li nan Bondye. Enben, si Bondye vle l, se pou l delivre l kounye a! Dayè li te di ak bouch li: Mwen se pitit Bondye.” 44Menm bandi yo ki te krisifye ak Jezi t ap pase l nan betiz tou.
Jezi mouri
(Mak 15:33-41; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)
45Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 46Vè twazè, Jezi pouse yon gwo kri: “Eli, Eli, lema sabaktani!#Sòm 22:1. Sa vle di: “Bondye m, Bondye m, pou kisa ou abandone m?”
47Kèk nan moun ki te kanpe la te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Men l ap rele Eli.”#27:47 Men l ap rele Eli Mo pou di “Bondye mwen” (Eli nan lang Ebre, oubyen Eloi nan lang Arameyen) te sonnen nan zòrèy moun tankou se te non pwofèt Eli, se te youn nan pwofèt ki te konn pale nan non Bondye avèk anpil puisans nan lane 850 AV.JK.
48Youn pami yo kouri pran yon eponj, li tranpe l nan yon diven ki gen gou vinèg, epi l mete sou tèt yon gòl pou Jezi te ka bwè l. 49Men tout lòt moun yo t ap di: “Padon kò w la! Kite l pou nou wè si Eli ap vin delivre l.”
50Jezi fè yon lòt gwo kri ankò, epi li rann dènye souf li.
51Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Latè tranble. Karyann yo fann. 52Tonm yo ouvri. Yon bon valè moun nan pèp Bondye a ki te gen tan mouri te resisite. 53Apre Jezi fin resisite, yo te kite tonm yo, epi yo antre vil Jerizalèm. Anpil moun te wè yo.
54Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”
55Te gen plizyè medam ki te kanpe a distans ap gade sa k ap pase. Medam sa yo se moun ki t ap swiv Jezi espesyalman pou yo te ka pran swen l, depi lè l te nan Galile. 56Pami yo nou jwenn Mari, moun Magdala a, Mari manman Jak ak Jozèf, epi manman Jak ak Jan pitit Zebede#27:56 Jak ak Jan pitit Zebede Literalman, “pitit gason Zebede yo”. yo.
Yo antere Jezi
(Mak 15:42-47; Lik 23:50-56; Jan 19:38-42)
57Nan apremidi te gen yon nonm rich ki te disip Jezi, yo rele Jozèf, moun Arimate, ki te vini 58bò kote Pilat pou l mande pou yo ba li kò Jezi. Pilat pase sòlda yo lòd pou yo remèt li kò a. 59Jozèf pran kò a, li vlope l ak yon dra len fen, 60epi l al antere l nan yon kavo tou nèf, li te fèk fè fouye nan yon karyann. Li woule yon gwo wòch pou fèmen bouch kavo a, epi l al lakay li. 61Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te ret chita devan kavo a.
Yo met sòlda veye kavo a
62Nan demen, apre jou yo rele Jou Preparasyon an, chèf prèt yo ak Farizyen, te fè yon ti rankont ak Pilat. 63Yo di li: “Chèf, nou sonje lè magouyè sa a te vivan, li te di: m gen pou m resisite nan twa jou. 64Konsa n ap mande w pou pase sòlda yo lòd, pou yo byen veye kavo a pandan twa jou. Konsa, disip li yo pa t ka vin vòlè kò epi fè moun kwè mèt yo resisite. Dènye magouy sa a t ap pi rèd pase premye a.”
65Pilat di yo: “Pran kèk sòlda, al bay kavo a tout sekirite ki nesesè.” 66Yo ale nan plas kot kavo a ye pou yo ba l sekirite. Yo poze sele sou gwo wòch ki fèmen bouch kavo a, epi yo mete sòlda veye l.

Chwazi Kounye ya:

Mat 27: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an