Matye 27

27
Jezi devan Pilat
(Mak 15.1; Lik 23.1-2; Jan 18.28-32)
1Nan granmaten, tout chèf prèt yo ansanm #Mak 15.1; Lik 22.66; Jan 18.28 ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li. 2Apre #Lik 23.1; Jan 18.31,32 yo fin mare l, yo mennen l ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a.
Jida mouri
(Travay 1.18-19)
3Jida #Mat 26.15 menm, sila ki te trayi Jezi a, lè li wè yo te kondannen Jezi, remò pran li. Li pote trant pyès lajan an tounen renmèt chèf prèt yo ak chèf fanmi yo. Li di konsa:
4— Sa m fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou.
Yo reponn li:
— Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou.
5Jida #Tra 1.18; 2 Sam 17.23 jete pyès lajan yo nan tanp lan, li sòti, l'ale pann tèt li. 6Chèf #Mak 12.41 prèt yo ranmase lajan an, yo di konsa:
— Sa se lajan san. Lalwa nou pa pèmèt nou mete lajan konsa nan kès tanp lan.
7Apre sa, yo tonbe dakò pou yo achte yon jaden nan men yon nonm ki te konn fè krich. Yo pran tè a sèvi simityè pou etranje ki mouri nan peyi a. 8Se #Tra 1.19 poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele jaden sa a: Jaden san. 9Se #Zak 11.12,13; Jer 32.6-9 konsa pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo pran trant pyès lajan yo. Se pri sa a moun ras Izrayèl yo te dakò peye pou li. 10Ak lajan an, yo achte jaden nonm ki konn fè krich la, dapre lòd Bondye te ban mwen an.
Pilat ap kèsyonnen Jezi
(Mak 15.2-5; Lik 23.3-5; Jan 18.33-38)
11Jezi #Mak 15.2-5; Lik 23.2,3; Jan 18.29-38 parèt devan gouvènè a. Gouvènè a kèsyonnen l, li mande li:
— Ou se wa jwif yo?
Jezi reponn li:
— Se ou ki di li.
12Chèf #Mat 26.63; Eza 53.7 prèt yo ak chèf fanmi yo t'ap depoze anpil plent kont Jezi. Jezi menm pat reponn anyen. 13Pilat di li:
— Ou pa tande tout plent yo depoze sou do ou?
14Men #Jan 19.9 Jezi pa ba l repons sou anyen. Sa te fè Pilat sezi anpil.
Yo kondannen Jezi amò
(Mak 15.6-15; Lik 23.13-25; Jan 18.39—19.16)
15Pou #Mak 15.6-15; Lik 23.13-25; Jan 18.39—19.1 chak fèt Delivrans gouvènè a te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès. 16Lè sa a, te gen yon prizonye yo te rele Jezi Barabas. Tout moun te konnen ki moun li ye. 17Lè Pilat wè pèp la sanble deyò a, li di yo:
— Kilès nou vle m lage ban nou: Jezi Barabas osinon Jezi yo rele Kris la?
18Pilat #Jan 11.47,48; 12.19 te byen konnen se jalouzi ki te fè yo mennen Jezi ba li. 19Antan Pilat te chita sou fòtèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li:
— Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi.
20Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas ba yo, pou l fè touye Jezi. 21Gouvènè a pran lapawòl, li di yo:
— Kilès nan de a nou vle m lage ban nou?
Yo reponn:
— Barabas.
22Pilat mande yo:
— Bon. Kisa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?
Yo tout reponn:
— Kloure l sou yon kwa!
23Pilat di yo:
— Ki movezak li fè konsa?
Yo rele pi fò toujou:
— Kloure l sou yon kwa!
24#Det 21.6 Pilat wè li pat kapab fè anyen ankò, paske pèp la te sòti pou l te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l devan tout foul moun yo. Li di yo:
— Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye.
25Tout #Tra 5.28 pèp la reponn:
— Se pou reskonsabilite lanmò l tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo.
26Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y'al kloure l sou yon kwa.
Sòlda yo pase Jezi nan betiz
(Mak 15.16-20; Jan 19.2-3)
27Sòlda #Mak 15.16-19; Jan 19.2,3 Pilat yo mennen Jezi nan kay gouvènè a. Yo sanble tout batayon sòlda yo fè wonn li. 28Yo dezabiye l, yo mete yon gwo rad koulè wouj vyolèt sou li. 29Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l, yo pran pase l nan betiz. Yo di li:
— Bonjou, wa jwif yo!
30Yo #Eza 50.6 krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l kou nan tèt. 31Apre #Mak 15.20-41; Lik 23.26,33-49; Jan 19.16-30 yo fin pase l anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l sou li ankò. Epi yo mennen l ale pou yo kloure l sou yon kwa.
Yo kloure Jezi sou kwa a
(Mak 15.21-32; Lik 23.26-43; Jan 19.17-27)
32Lè yo sòti, yo kontre yon nonm peyi Sirèn ki te rele Simon. Yo fòse mesye pote kwa Jezi a. 33Lè yo rive kote ki rele Gòlgota a (ki vle di: Plas zo bwa tèt la), 34yo #Sòm 69.21 bay Jezi bwè diven mele ak fyèl. Men, lè l goute l, li pat vle bwè li.
35Apre #Sòm 22.18 yo fin kloure li sou kwa a, yo fè tirajosò separe rad li ki te sou li. 36Apre sa, yo chita ap veye li. 37Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l la. 38Yo #Eza 54.12 te kloure de ansasen sou de lòt kwa anmenmtan avè l, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.
39Moun #Sòm 22.7; 109.25 ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li. 40Yo #Mat 26.61; Jan 2.19 t'ap di:
— Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a!
41Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l nan rizib. Yo t'ap di:
42— Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l se wa pèp Izrayèl la, se pou l desann sou kwa a kounyeya. Lè sa a, n'a kwè nan li. 43Li #Sòm 22.8 te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulyeya si Bondye ap vin delivre li.
44Ata ansasen ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l menm jan an tou.
Jezi mouri
(Mak 15.33-41; Lik 23.44-49; Jan 19.28-30)
45Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi. 46#Sòm 22.1 twazè, Jezi rele byen fò, li di:
— Eli, Eli lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?)
47Nan moun ki te la yo, genyen ki tande l'ap pale. Yo di:
— Men l'ap rele Eli.
48Lamenm, #Sòm 69.21 yonn nan yo kouri al pran yon eponj, li tranpe l nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl wozo, li lonje l bò bouch Jezi ba l bwè. 49Men, lòt moun yo di:
— Tann non, monchè. Ann wè si Eli ap vin delivre li.
50Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri.
51Menm #Egz 26.31; Eb 10.19,20 lè a, rido tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. Latè tranble. Wòch fann. 52Tonm yo louvri. Anpil fidèl Bondye ki te mouri, yo resisite. Yo soti vivan nan tonm yo. 53Apre #Da 12.2; Tra 26.23 Jezi li menm te leve sòti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo.
54Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di:
— Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.
55Te #Lik 8.2,3 gen plizyè fanm la tou. Men, yo te rete lwen ap gade. Se moun ki t'ap swiv Jezi, ki t'ap okipe l depi lè l te nan peyi Galile. 56Nan #Mat 20.20 yo te genyen: Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak ak Jozèf, ansanm ak manman pitit Zebede yo.
Yo antere Jezi
(Mak 15.42-47; Lik 23.50-56; Jan 19.38-42)
57#Mak 15.42-47; Lik 23.50-55; Jan 19.38-42 solèy fin kouche, yon nonm rich, moun lavil Arimate, vin rive. Yo te rele l Jozèf. Li menm tou li te yon disip Jezi. 58L'al #Egz 34.25 jwenn Pilat, li mande l kò Jezi a. Pilat bay lòd pou yo renmèt li kò a. 59Jozèf pran kò a, li vlope l nan yon bèl dra blan tou nèf. 60Apre #Eza 53.9 sa, li mete kò a nan yon kavo li te fenk fè fouye nan wòch la pou tèt pa l. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Epi l'al fè wout li. 61Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak lòt Mari a te chita la, anfas kavo a.
Jwif yo mete gad veye kavo a
62Nan denmen ki te lavèy jou preparasyon saba, chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo ale kote Pilat. 63Yo #Mat 27.40; 12.40 di li:
— Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve sòti vivan. 64Bay lòd pou yo veye kavo a byen veye pandan twa jou. Konsa, disip li yo p'ap kapab vin pran kò a pou yo di pèp la apre sa mesye leve sòti vivan nan lanmò. Dènye kout manti sa a ta pi rèd pase premye a.
65Pilat di yo:
— Men yon eskwad gad. Ale, veye kavo a jan nou vle a.
66Y'ale #Da 6.17 Pou yo pi asire kavo a te byen fèmen, yo sele wòch ki te devan bouch kavo a byen sele, epi yo mete yon eskwad sòlda siveye li.

Chwazi Kounye ya:

Matye 27: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an