Matye 22:41-46
Matye 22:41-46 1998 Haïtienne (HAT98)
Antan farizyen yo te reyini, Jezi poze yo kèsyon sa a: — Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: — Li se pitit pitit David! Jezi di yo: — Bon, kouman David fè rele l Senyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l di: Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou. Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David? Okenn moun pat kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pèsonn pat gen odas poze l kèsyon ankò.
Matye 22:41-46 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Les Pharisiens sont réunis, et Jésus leur demande : « Qu’est-ce que vous pensez du Messie ? Il est le fils de qui ? » Ils lui répondent : « Il est le fils de David. » Jésus leur dit : « David, rempli de l’Esprit Saint, l’a appelé “Maître”. Pourquoi donc ? En effet, David a dit : “Le Seigneur déclare à mon Maître : Viens t’asseoir à ma droite, je vais mettre tes ennemis sous tes pieds.” « David appelle le Messie “Maître”. Alors, comment est-ce que le Messie peut être aussi fils de David ? » Parmi les Pharisiens, aucun ne peut répondre un seul mot à Jésus. Et, à partir de ce jour-là, personne n’ose plus lui poser de questions.
Matye 22:41-46 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pandan Farizyen yo te kòmanse ap rasanble, Jezi poze yo yon kesyon: “Ki sa nou panse konsènan Kris la? Pitit kilès li ye?” Yo reponn li: “Li se pitit David.” Jezi di yo: “Si se konsa, poukisa David rele l Senyè? Se anba kontwòl Sentespri David t ap pale, lè l di: Bondye di Senyè m nan: Chita sou bò dwat mwen, jiskaske m fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w! Bon, si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?” Tout moun te rete bouch be! Depi lè a tou tout moun te kraponnen, pèsonn pa t brav ase pou poze Jezi kesyon ankò.
Matye 22:41-46 New International Version (NIV)
While the Pharisees were gathered together, Jesus asked them, “What do you think about the Messiah? Whose son is he?” “The son of David,” they replied. He said to them, “How is it then that David, speaking by the Spirit, calls him ‘Lord’? For he says, “ ‘The Lord said to my Lord: “Sit at my right hand until I put your enemies under your feet.” ’ If then David calls him ‘Lord,’ how can he be his son?” No one could say a word in reply, and from that day on no one dared to ask him any more questions.
Matye 22:41-46 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Comme les pharisiens se trouvaient rassemblés là, Jésus les interrogea à son tour : Quelle est votre opinion au sujet du Messie ? D’après vous, de qui descend-il ? – De David, lui répondirent-ils. – Alors, comment se fait-il que David, parlant sous l’inspiration de l’Esprit de Dieu, l’appelle Seigneur ? En effet, il déclare : Le Seigneur a dit à mon Seigneur : Viens siéger à ma droite jusqu’à ce que j’aie mis ╵ tes ennemis ╵ à terre sous tes pieds . Si donc David l’appelle son Seigneur , comment est-il possible que le Messie soit son descendant ? Nul ne fut capable de lui donner un mot de réponse et, à partir de ce jour-là, personne n’osa plus lui poser de question.