Matye 22:23-33
Matye 22:23-33 1998 Haïtienne (HAT98)
Menm jou a, sadiseyen yo vin bò kote Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve.) Yo poze Jezi kèsyon sa a: — Mèt, Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l gen pou marye ak madanm defen an pou l ka fè pitit pou frè l ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè, moun isit ansanm ak nou. Premye a marye, li mouri san l pat gen pitit. Li kite madanm li pou frè li. Dezyèm lan pase menm jan an tou. Twazyèm lan tou. Konsa, konsa, jouk tout sèt frè yo fin pase. Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri li menm tou. Lè mò yo va gen pou leve, madanm kilès li pral ye la a? Paske, li te madanm yo tout. Jezi reponn yo: — Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye. Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. Pou kèsyon mò yo k'ap leve vivan ankò, eske nou pa li sa Bondye te di nou: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan. Tout moun ki t'ap koute l yo te sezi tande sa l t'ap di yo.
Matye 22:23-33 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le même jour, des Sadducéens s’approchent de Jésus. Les Sadducéens pensent que les morts ne se relèveront pas. Ils interrogent Jésus en lui disant : « Maître, Moïse a dit : “Si un homme meurt sans avoir d’enfants, son frère doit se marier avec la veuve. Ainsi, il donnera des enfants au frère qui est mort.” Eh bien, supposons ceci : chez nous, il y a sept frères. Le premier se marie et il meurt sans avoir d’enfants. Il laisse donc sa femme au deuxième frère. Il arrive la même chose au deuxième frère, puis au troisième et enfin à tous les sept. Après eux tous, la femme meurt aussi. Quand les morts se relèveront, parmi les sept frères, qui sera le mari de cette femme ? En effet, chacun a été son mari. » Jésus leur répond : « Vous vous trompez, parce que vous ne connaissez ni les Livres Saints, ni la puissance de Dieu. Quand les morts se relèveront, les hommes et les femmes ne se marieront pas. Mais ils vivront comme les anges auprès de Dieu. Au sujet des morts qui se relèvent, vous avez sûrement lu cette parole de Dieu : “Je suis le Dieu d’Abraham, le Dieu d’Isaac et le Dieu de Jacob .” Dieu n’est pas le Dieu des morts, mais il est le Dieu des vivants. » Les foules entendent cela. Cet enseignement de Jésus les étonne beaucoup.
Matye 22:23-33 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nan menm jou a, kèk Sadiseyen te vin kote Jezi. (Sadiseyen yo pa kwè nan koze rezirèksyon.) Men kesyon yo te poze l: “Mèt, Moyiz te anseye si yon mesye marye mouri san l pa gen pitit, frè li dwe marye ak madanm defen an, pou l ka fè pitit pou frè ki mouri a. Vwala te gen yon fanmi ki te gen sèt pitit gason. Premye frè a marye, li mouri san fè pitit. Konsa dezyèm frè a marye ak madanm defen an. Menm bagay rive dezyèm ak twazyèm frè a, jouk yo tout sèt la te marye ak menm fi a epi mouri san fè pitit. Fi a vin mouri an dènye. Kòm yo tout sèt la te marye ak menm fi a, apre rezirèksyon an, madanm kilès l ap ye?” Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. Youn nan bagay nou bezwen konprann, apre rezirèksyon an, p ap gen koze maryaj ankò. Nou ap tankou anj nan syèl la. Sou kesyon rezirèksyon an, èske nou pa janm li sa Bondye di nan pwòp avantaj nou: Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.” Foul moun yo te etone anpil lè yo tande jan Jezi t ap anseye.
Matye 22:23-33 New International Version (NIV)
That same day the Sadducees, who say there is no resurrection, came to him with a question. “Teacher,” they said, “Moses told us that if a man dies without having children, his brother must marry the widow and raise up offspring for him. Now there were seven brothers among us. The first one married and died, and since he had no children, he left his wife to his brother. The same thing happened to the second and third brother, right on down to the seventh. Finally, the woman died. Now then, at the resurrection, whose wife will she be of the seven, since all of them were married to her?” Jesus replied, “You are in error because you do not know the Scriptures or the power of God. At the resurrection people will neither marry nor be given in marriage; they will be like the angels in heaven. But about the resurrection of the dead—have you not read what God said to you, ‘I am the God of Abraham, the God of Isaac, and the God of Jacob’? He is not the God of the dead but of the living.” When the crowds heard this, they were astonished at his teaching.
Matye 22:23-33 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Ce même jour, des sadducéens vinrent le trouver. Ils prétendent que les morts ne ressuscitent pas. Ils lui posèrent la question suivante : Maître, Moïse a donné cet ordre : Si quelqu’un meurt sans avoir d’enfant, son frère devra épouser sa veuve, pour donner une descendance au défunt . Or, il y avait parmi nous sept frères. L’aîné s’est marié, et il est mort sans avoir de descendant. Il a donc laissé sa veuve à son frère. Il est arrivé la même chose au deuxième frère, puis au troisième, et ainsi de suite jusqu’au septième. En fin de compte, la femme est décédée elle aussi. A la résurrection, duquel des sept frères sera-t-elle la femme ? Car ils l’ont tous eue pour épouse. Jésus leur répondit : Vous êtes dans l’erreur, parce que vous ne connaissez pas les Ecritures, ni quelle est la puissance de Dieu. En effet, une fois ressuscités, les hommes et les femmes ne se marieront plus ; ils vivront comme les anges qui sont dans le ciel. Quant à la résurrection des morts, n’avez-vous donc jamais lu ce que Dieu vous a déclaré : Je suis le Dieu d’ Abraham , le Dieu d’ Isaac , le Dieu de Jacob ? Dieu n’est pas le Dieu des morts, mais le Dieu des vivants. Les foules qui entendaient ses réponses étaient profondément impressionnées par son enseignement.