Revelasyon 20
20
1Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen #Rev 1:18kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.
2Li te pran #Jen 3:1dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane. 3Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te #Dan 6:17mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.
4Answit mwen te wè #Dan 7:9twòn yo #Mat 19:28ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.
5Rès mò yo pa t retounen a lavi jiskaske mil ane yo fini. #Luc 14:14Sa se premye rezirèksyon an. 6#Rev 14:13Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.
7Lè mil ane yo vin fini, Satan va #Rev 20:2lage soti nan prizon li an, 8epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, #Éz 38:2Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè. 9Yo te #Rev 17:1 monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, #Rev 19:7dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.
10Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan #Rev 19:20lak dife ak souf la, kote #Rev 16:13bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.
11Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. #Dan 2:35Pa t gen plas pou yo.
12Mwen te wè mò yo, #Rev 11:13gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te #És 26:19bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
14Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se #Rev 20:6dezyèm lanmò a, lak dife a.
15Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan #Rev 3:5liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
Chwazi Kounye ya:
Revelasyon 20: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith