1
Revelasyon 20:15
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
Konpare
Eksplore Revelasyon 20:15
2
Revelasyon 20:12
Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo.
Eksplore Revelasyon 20:12
3
Revelasyon 20:13-14
Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo. Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.
Eksplore Revelasyon 20:13-14
4
Revelasyon 20:11
Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.
Eksplore Revelasyon 20:11
5
Revelasyon 20:7-8
Lè mil ane yo vin fini, Satan va lage soti nan prizon li an, epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè.
Eksplore Revelasyon 20:7-8