Bible App logo
Chache Icon

Sòm Yo 90

90
LIV 4
Yon priyè Moïse; Moun Bondye a.
1Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye
pandan tout jenerasyon yo.
2Avan mòn yo te vin parèt,
oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a,
menm #Sòm 93:2pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.
3Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di:
“Retounen, O pitit a lòm yo.”
4Paske mil ane devan zye Ou
se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.
5Ou #Job 22:16 bale yo ale pandan y ap dòmi.
6Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve.
Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.
7Paske nou #Sòm 39:11 fin manje nèt akoz kòlè Ou.
E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt.
8Ou te #Sòm 50:21 mete inikite nou yo devan Ou.
Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.
9Paske #Sòm 78:33 tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou.
Ane nou yo ap fini kon souf.
10Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan,
oswa akoz gwo fòs, katre-ventan.
Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès.
Paske byen vit li prale, e nou #Job 20:8 vole ale.
11Se kilès ki konprann #Sòm 76:7 fòs a kòlè Ou a?
Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?
12Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,
pou nou kab #Pwov 2:1-6ofri Ou yon kè ki plen sajès.
13Lache, O SENYÈ!
Konbyen tan sa va ye?
Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!
14O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a,
pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo.
15Fè nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo,
tout #Det 2:14-16ane ke nou te wè mal yo.
16Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo,
ak#I Wa 8:11majeste Ou a pitit yo.
17Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,
epi #Sòm 37:23konfime pou nou menm, zèv men nou yo.
Wi, konfime zèv men nou yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 90: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte