Bible App logo
Chache Icon

Sòm Yo 89

89
Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la
1Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan.
Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.
2Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a
va kanpe janm jis pou tout tan.
Ou te etabli syèl yo.
Fidelite Ou rete nan yo.
3“Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk #I Wa 8:16 moun apwente mwen a.
Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,
4‘Mwen va etabli #II Sam 7:16 jèm ou nèt
e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan
5Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ,
ansanm ak fidelite Ou nan asanble #Job 5:1sen yo.
6Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a?
Kilès pami #Sòm 29:1 fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,
7Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo,
e #Sòm 96:4mèvèye plis pase tout sila ki antoure Li yo?
8O SENYÈ Bondye dèzame yo, #Sòm 35:10 se kilès ki
tankou Ou, O SENYÈ pwisan an?
Anplis, fidelite Ou antoure Ou.
9Ou domine ògèy lanmè a.
Lè vag li yo vin leve, Ou #Sòm 65:7 kalme yo.
10Ou menm, Ou te kraze #Sòm 87:4 Rahab (Égypte)
tankou yon moun ki fin touye.
Ou te gaye lènmi Ou yo avèk men pwisan Ou.
11 # Jen 1:1 Syèl yo se pou Ou.
Tè a se pa Ou tou.
Lemond ak tout sa ki ladann,
se Ou menm ki te etabli yo.
12 # Jos 19:22 Nò ak sid, se Ou menm ki te kreye yo.
Thabor avèk Hermon kriye avèk jwa a non Ou.
13Ou gen yon men byen fò.
# Sòm 98:1 Men dwat Ou leve byen wo.
14Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an.
# Sòm 85:13 Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.
15A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni!
O SENYÈ, yo mache nan #Sòm 4:6 limyè a vizaj Ou a.
16Nan #Sòm 105:3 non Ou, yo rejwi tout lajounen,
e pa ladwati Ou, yo vin egzalte.
17Paske Ou se glwa a #Sòm 28:8 fòs yo,
e pa favè Ou, kòn nou vin egzalte.
18Paske boukliye nou apatyen a SENYÈ a,
e wa nou an se Sila Ki Sen An Israël la. #I Wa 11:34
19Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo.
Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan.
Mwen te fè leve yon jenn nom ki te chwazi pami pèp la.
20Mwen te #I Sam 13:14 twouve David, sèvitè Mwen an.
Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.
21Avèk li menm, #Sòm 18:35 men M va vin etabli.
Anplis, bra M va ranfòse li.
22Lènmi an p ap #II Sam 7:10 twonpe li.
Ni fis a mechanste a p ap aflije li.
23Men Mwen va #II Sam 7:9 kraze advèsè li yo devan l,
e frape sila ki rayi li yo.
24Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li.
Nan non Mwen, #Sòm 132:7kòn li va vin egzalte.
25Mwen va osi mete men li #Sòm 72:8 sou lanmè a,
ak men dwat li sou rivyè yo.
26Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m,
Bondy m #II Sam 22:47Wòch a sali mwen an.
27Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen,
pi wo pami tout wa latè yo.’
28Lanmou dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan,
# Sòm 89:3-34 e akò Mwen va konfime a li menm.
29Konsa, Mwen va etabli #Sòm 18:50 desandan li yo jis pou tout tan,
e twòn li tankou jou syèl yo.
30Si fis li yo #II Sam 7:14 abandone lalwa Mwen an, e
pa mache nan jijman Mwen yo,
31si yo vyole règleman Mwen yo, e
pa kenbe kòmandman Mwen yo,
32alò Mwen va pini transgresyon yo
avèk yon #Job 9:34 baton,
e inikite yo avèk kout fwèt.
33Men Mwen p ap retire #II Sam 7:15 lanmou dous sou li,
ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen.
34Mwen p ap vyole #Det 7:9 akò mwen an,
ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.
35Depi Mwen fin #Sòm 60:6 sèmante selon sentete Mwen,
Mwen p ap manti a David.
36Desandan li yo va dire jis pou tout tan,
e twòn li va #Sòm 72:17 tankou solèy la devan M.
37Li va etabli jis pou tout tan tankou lalin nan,
# Job 16:19 temwen nan syèl la ki toujou fidèl.”
38Men koulye a Ou vin #Det 32:19refize ak rejete,
Ou te plen ak kòlè kont onksyone Ou a.
39Ou te #Sòm 60:6 desann e rejte akò a sèvitè ou a.
Ou te pwofane kouwòn li an nan pousyè.
40Ou te #Sòm 80:12 kraze tout miray li yo.
Ou te fè sitadèl li yo kraze nèt.
41 # Sòm 80:12 Tout moun ki pase akote piyaje li.
Li devni yon objè abominab pami vwazen li yo.
42Ou te egzalte men dwat a advèsè li yo.
Ou te #Sòm 80:6 fè lènmi li yo rejwi.
43Anplis, ou te plwaye lam nepe li a, e
# Sòm 44:10 fè l pa kanpe pou batay la.
44Ou te fè #Éz 28:7 mayifisans li vin kraze fini e
te jete twòn li jis atè.
45Ou te fè jou a jenès li yo #Sòm 102:23 vin kout.
Ou te kouvri li ak gwo wont.
46Jiskilè, O SENYÈ?
Èske Ou va kache figi Ou jis pou tout tan?
Èske #Sòm 79:5kòlè Ou va brile tankou dife pou tout tan?
47 # Job 7:7 Sonje longè lavi mwen genyen
tèlman kout ke li tankou yon foli!
Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!
48Ki moun ki kab viv e pa #Sòm 22:29 wè lanmò?
Èske li kab delivre nanm li de pouvwa
sejou lanmò a? Tan
49Kote lanmou dous Ou te kon genyen, O SENYÈ?
Sa Ou te #II Sam 7:15 sèmante a David nan fidelite Ou a?
50Sonje, O Senyè, #Sòm 69:9 repwòch a sèvitè Ou yo,
jan mwen pote nan lestonmak mwen,
repwòch a tout nasyon pwisant yo,
51Avèk sila, #Sòm 74:10-22 lènmi Ou yo te fè repwòch yo, O SENYÈ.
Se konsa yo te repwoche mak pla pye onksyone Ou a.
52 # Sòm 41:13 Beni se SENYÈ a pou tout tan!
Amen, e Amen.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 89: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte