Sòm Yo 91
91
1Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan #Sòm 17:8lonbraj Toupwisan an.
2Mwen va di a SENYÈ a:
“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete #Sòm 25:2konfyans!”
3Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,
ak #I Wa 8:37 ravaj gwo maladi yo.
4Li va #És 51:16 kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
5Ou p ap pè laperèz lannwit, ni #Sòm 64:4flèch k ap vole lajounen,
6ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,
ni destriksyon ki devaste a midi.
7Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,
ak di mil sou men agoch ou,
men #Jen 7:23 sa p ap pwoche ou.
8Ou va sèlman gade avèk zye ou pou
#
Sòm 37:34
wè rekonpans a mechan yo.
9Paske ou te fè SENYÈ a, vin #Sòm 91:2 sekou ou,
menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
10 #
Pwov 12:21
Nanpwen mal k ap rive ou,
Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
11Paske Li va bay #Sòm 34:7 zanj Li yo lòd konsènan ou menm,
pou veye ou nan tout chemen ou yo.
12Yo va #Mat 4:6 leve ou byen wo nan men yo,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.
13Ou va #Jij 14:6 pile sou lyon an ak koulèv la.
Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.
14Paske li te renmen M konsa,
pou sa, Mwen va delivre li.
Mwen va #Sòm 59:1 mete li byen solid an wo,
akoz li te rekonèt non Mwen.
15Li va #Job 12:4 fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.
Mwen va avèk Li nan tan twoub la.
Mwen va delivre li e bay li lonè.
16Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,
e kite li wè sali mwen.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 91: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith