Sòm Yo 88
88
Yon Chan. Yon Sòm a fis Koré yo
Pou direktè Koral la; selon melodi “Soufrans Afliksyon An”.
Yon refleksyon pa Héman, Ezrachit la
1O SENYÈ, Bondye sali mwen an,
Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.
2Kite priyè mwen #Sòm 18:6 vini devan Ou.
Panche zòrèy Ou vè kri mwen an!
3Paske nanm mwen gen kont twoub li.
#
Sòm 107:18
Lavi m vin toupre sejou lanmò a.
4Mwen vin konte pami sila ki #Sòm 28:1 desann nan fòs yo.
Mwen parèt tankou yon nonm san fòs,
5abandone pami mò yo, tankou sila
ki te touye e kouche nan tonm lan.
Sila a nou pa sonje ankò menm,
ki #Sòm 31:22 koupe retire nan men Ou.
6Ou te mete m nan #Sòm 86:13 fòs pi ba a, nan plas fènwa yo, nan fon yo.
7Kòlè Ou #Sòm 32:4 vin poze sou mwen.
Ou te aflije m ak tout vag lanmè Ou yo. Tan
8Ou te retire tout moun mwen konnen byen lwen m.
Ou te fè m yon objè abominab devan yo.
Mwen fèmen anndan nèt e mwen pa kab sòti.
9Zye m gen tan pouri akoz afliksyon.
Mwen te rele Ou chak jou, O SENYÈ.
Mwen te lonje men m yo vè Ou menm.
10Èske Ou va fè mirak pou mò yo?
Èske #Sòm 6:5 lespri ki fin pati yo va leve pou bay Ou lwanj? Tan
11Èske lanmò dous Ou a va deklare nan tonbo a?
Fidelite Ou nan labim nan?
12Èske mirak Ou yo va fèt parèt nan #Job 10:21 tenèb la?
Oswa ladwati Ou nan peyi kote tout bagay bliye yo?
13Men anvè Ou, O SENYÈ, mwen te kriye.
Nan maten, lapriyè mwen vini devan Ou.
14O SENYÈ, poukisa Ou rejte nanm mwen?
Poukisa Ou #Job 13:24kache figi Ou kont mwen?
15Mwen te aflije e #Pwov 24:11 prèt pou mouri depi nan jenès mwen.
Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo, mwen distrè nèt.
16Kòlè Ou ki brile, fin pase sou mwen.
Gwo laperèz Ou yo te #Lam 3:54koupe retire m.
17Yo fin antoure mwen tankou dlo tout lajounen.
Yo #Sòm 17:11ansèkle m nèt.
18Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt,
ak zanmi m yo, nan tenèb.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 88: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith