Sòm Yo 72

72
Yon Sòm a Salomon
1Bay a wa a #I Wa 3:9 sajès lajistis Ou, O Bondye,
ak ladwati Ou a fis a wa a.
2Li va #És 9:7 jije pèp Ou a avèk ladwati,
e aflije Ou yo, avèk jistis.
3Mòn yo va pote #És 2:4 lapè a pèp la,
e kolin yo, fwi ladwati a.
4Li va jije malere a pèp la.
Li va fè sekou pou pitit a malere yo,
e kraze opresè a an mòso.
5Yo va krent Ou #Sòm 72:17 pou tout tan ke solèy la klere
ak tout tan ke genyen lalin, pandan tout jenerasyon yo.
6Li va desann #Det 32:2 tankou lapli sou chan zèb fenk koupe yo,
tankou farinaj ki wouze tè a.
7Nan jou li yo, moun ladwati yo va fleri,
avèk #És 2:4 lapè an abondans jiskaske lalin nan pa wè ankò.
8Anplis, l ap renye jiskaske yon #Egz 23:31 lanmè rive nan yon lòt lanmè a,
e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.
9Pèp ki abite nan dezè a va bese devan l,
e lènmi li yo #És 49:23 va niche pousyè a.
10Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado.
Wa a Séba avèk #Jen 10:7 Saba yo ap ofri kado.
11Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout #Sòm 86:9nasyon yo sèvi li.
12Paske li va #Job 29:12 delivre malere a lè l kriye sekou;
aflije a tou, lè l san soutyen an.
13Li va gen #Pwov 19:17 mizerikòd sou malere a avèk endijan an.
Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.
14Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans,
e san yo va chè nan zye Li.
15Konsa, li va viv, e #És 60:6 lò a Séba va bay a li menm.
Moun va priye pou li san rete.
Yo va beni li tout lajounen.
16Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peye a,
fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo.
Sa ki nan vil yo va fleri tankou #Job 5:25 vèdi latè.
17Non li va dire jis pou tout tan.
Non li va la #Sòm 89:36 toutotan solèy la ap briye a.
Tout lezòm va beni pa li.
Tout nasyon yo va rele li beni.
18Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la!
Li sèl ki fè mèvèy!
19Beni se #Né 9:5 non laglwa Li jis pou tout tan!
Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li!
Amen e amen.
20Priyè yo a David, fis la a Jesse fini.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 72: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte