Sòm Yo 71

71
1 # Sòm 25:2-3 Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij.
Pa janm kite mwen vin wont.
2 # Sòm 31:1 Nan ladwati Ou, delivre mwen e fè m sekou.
Panche zòrèy Ou bò kote m e sove mwen.
3Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an,
kote mwen kab vini tout tan.
Ou te pase lòd pou sove mwen,
paske Ou se #Sòm 18:2wòch mwen ak sitadèl mwen.
4 # Sòm 140:1-4 Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo,
Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,
5Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,
Ou se #Sòm 22:9 konfyans mwen soti nan jenès mwen.
6Pa Ou menm, mwen te twouve #Sòm 22:10 soutyen depi lè m te fèt.
Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m.
Tout tan se Ou menm ke m louwe.
7Mwen parèt kon yon #És 8:18 mèvèy pou anpil moun,
men se Ou ki fò refij mwen.
8Bouch mwen plen avèk lwanj Ou
ak #Sòm 96:6 glwa Ou tout lajounen.
9Pa jete mwen akote nan #Sòm 71:18 tan vyeyès mwen.
Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli.
10Paske Lènmi m yo te pale kont mwen.
Sila k ap veye pou pran lavi m yo #Sòm 31:13 ap pran konsèy ansanm,
11Y ap di: #Sòm 3:2 “Bondye fin abandone li.
Annou kouri dèyè l, e sezi li.
Paske nanpwen moun ki pou delivre l.”
12O Bondye, #Sòm 10:1 pa rete lwen mwen.
O Bondye m, fè vit a sekou mwen!
13Kite sila ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt.
Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap #Est 9:2chache blese mwen.
14Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan.
Mwen va #Sòm 71:8bay Ou lwanj plis toujou.
15Bouch mwen va pale ladwati Ou,
ak sali Ou tout lajounen,
menmsi mwen #Sòm 40:5pa kab fin konnen
fòs valè tout jou sa yo.
16Mwen va vini ak zèv pwisan SENYÈ Bondye a.
Mwen va #Sòm 51:14pale ladwati Ou, sèl de Ou menm.
17O Bondye, Ou #Det 4:5 te enstwi mwen depi jenès mwen.
Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.
18Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m,
jiskaske mwen fin #Sòm 22:31deklare fòs Ou a jenerasyon sila a,
ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.
19Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo.
Ou menm ki te fè gwo bagay yo.
O Bondye, se #Det 3:24kilès ki tankou Ou menm?
20Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm,
va fè m viv.
Ou va mennen mwen monte soti nan #Sòm 86:13fon tè yo.
21Ke Ou fè lonè mwen vin plis e vire ban m konsolasyon ankò.
22Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen.
A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita,
O #II Wa 19:22Sila Ki Sen an Israël la.
23Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm
pou #Sòm 34:22 nanm mwen ke Ou te rachte a.
24Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen.
Paske yo wont, yo imilye,
Sila ki te chache fè m mal yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 71: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte