Sòm Yo 49
49
Pou direktè koral la; Yon Sòm fis a Koré yo
1Tande sa, tout pèp yo!
Prete zòrèy nou, tout sila ki rete nan mond la!
2Ni #Sòm 62:9ba, ni wo, rich ak malere ansanm.
3Bouch mwen va #Sòm 37:30pale sajès,
epi meditasyon a kè m va vin konprann.
4Mwen va apiye zòrèy mwen vè yon pwovèb.
Mwen va eksprime yon #Nonb 12:8 devinèt sou ap la.
5Poukisa mwen ta gen #Sòm 23:4krent nan move jou yo,
Lè inikite a lènmi m yo antoure m?
6Malgre sila ki #Job 31:24mete konfyans nan richès yo,
ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—
7nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen #Mat 25:8-9sove frè li,
ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.
8Paske #Mat 16:26redanmsyon nanm li koute chè.
Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,
9pou l ta #Sòm 22:29viv toujou jis pou letènite,
pou li #Sòm 16:10 pa ta janm tonbe nan pouriti menm.
10Paske li wè ke menm moun saj yo mouri.
Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan.
Yo #Sòm 39:6kite byen yo pou lòt yo.
11Yo #Jen 4:17reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan,
epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo.
Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.
12Men yon #Sòm 49:20nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire.
Li tankou bèt yo ki peri.
13Konsa, sa se #Jr 17:11chemen a sila ki manke sajès yo,
ak sila ki swiv yo, e ki vin dakò avèk pawòl yo.
14Tankou mouton, yo fin apwente pou rive nan sejou lanmò.
Lanmò va bèje yo.
Moun dwat yo va domine sou yo nan maten.
Men fòm yo va #Job 24:19fini nèt pa sejou lanmò a, lwen gran kay yo.
15Men #Jen 5:24Bondye va rachte nanm mwen soti
pouvwa a sejou lanmò a,
paske Bondye va resevwa m.
16Ou pa bezwen pè #Sòm 37:7lè yon nonm vin rich,
lè glwa lakay li vin ogmante.
17Paske lè l mouri li p ap pote anyen ale.
Glwa li a p ap swiv li desann.
18Sepandan, pandan l ap viv, li #Det 29:19bat bravo pou pwòp tèt li—
Malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen pou pwòp tèt ou—
19li va ale nan jenerasyon a zansèt li yo.
Yo p ap janm wè #Job 33:30limyè an.
20Lòm, nan pwòp glwa avèk ògèy li,
poutan, san konprann,
Se tankou bèt ki peri.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 49: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith