Sòm Yo 48
48
Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo.
1Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a,
nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.
2Bèl nan wotè li, jwa tout latè a,
se Mòn Sion nan pati nò a,
#
Mat 5:35 Vil gran Wa a.
3Bondye te parèt nan sitadèl li yo.
La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon #Sòm 46:7refij.
4Men gade, #II Sam 10:6-19wa yo te rasanble yo.
Yo pase akote vil la ansanm.
5Yo te wè li, e yo te etone.
Yo te #Egz 15:15sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.
6La, yo pèdi ekilib yo nèt.
Doulè ak sezisman te pran yo tankou #És 13:8fanm k ap akouche.
7Avèk #Jr 18:17van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.
8Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè,
nan vil SENYÈ dèzame yo,
nan vil Bondye pa nou an.
Bondye va #Sòm 87:5etabli li nèt, jis pou tout tan.
9Nou te reflechi sou #Sòm 26:3lanmou dous
Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.
10Jan #Det 28:58non Ou ye a, O Bondye,
Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a;
Men dwat Ou plen ladwati.
11Kite Mòn Sion fè kè kontan!
Kite #Sòm 97:8 fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.
12Mache toupatou nan Sion e antoure li.
#
Né 3:1-27
Konte fò wo li yo.
13Konsidere ranpa li yo.
Antre nan palè li yo, pou ou kab
#
Sòm 78:5-7 pale jenerasyon k ap vini an.
14Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan.
#
Sòm 23:4
Li va gide nou jiska lanmò.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 48: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith