Sòm Yo 44

44
Pou direktè koral la; Yon Sòm refleksyon pa fis a Koré yo
1O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou.
Zansèt nou yo te pale nou
# Det 32:7 travay ke Ou te fè nan jou pa yo,
nan jou ansyen yo.
2Ou menm, avèk pwòp men Ou,
Ou te #Jos 3:10chase mete nasyon yo deyò,
men Ou te plante yo.
Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo,
Ou te gaye yo toupatou.
3Konsa, #Det 8:17-18se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a,
ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo,
men se men dwat Ou avèk bra Ou,
ak limyè prezans Ou an,
akoz Ou te bay yo favè.
4Se Ou menm ki #Sòm 74:12Wa m, O Bondye.
Òdone viktwa pou Jacob.
5Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak;
Nan non Ou, nou va #Sòm 108:13pile fè desann
sila ki leve kont nou yo.
6Paske mwen #I Sam 17:47p ap mete konfyans nan banza mwen,
ni se pa nepe m k ap sove mwen.
7Men Ou #Sòm 136:24te sove nou kont advèsè nou yo,
Epi Ou te fè tout sila ki rayi nou yo wont.
8Nan Bondye, nou te #Sòm 34:2louwe tout lajounen.
Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.
9Alò, koulye a, Ou rejte nou,
e mennen nou nan gwo wont.
Ou #Sòm 60:10pa sòti ankò avèk lame nou yo.
10Ou fè nou vire #Lev 26:17fè bak devan advèsè a,
epi sila ki rayi nou yo fè piyaj pou kont yo.
11Ou te fè nou kon mouton,
tankou mouton ki te livre pou manje,
epi te #Lev 26:33 gaye nou pami nasyon yo.
12Ou #Det 32:30vann pèp Ou bon mache e Ou pa fè pwofi nan vant lan.
13Ou fè nou repwòche devan vwazen nou yo,
yon objè ki moke e #Sòm 80:6giyonnen pa sila ki antoure nou yo.
14Ou fè nou #II Wa 19:21tounen yon vye mò pami nasyon yo,
Yon rizib ki fè moun ri pami pèp yo.
15Tout lajounen dezonè sa a rete la devan m,
epi imilyasyon mwen kraze m nèt.
16Akoz vwa a sila ki #Sòm 74:10fè m repwòch e ki meprize mwen,
akoz prezans lènmi an avèk vanjè a.
17Tout sa gen tan rive sou nou,
men nou pa te bliye Ou,
ni nou pa t #Sòm 78:57aji nan manti selon akò Ou a.
18Kè nou pa t vire fè bak, ni pa nou yo
# Job 23:11 pa t varye soti nan chemen Ou.
19Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo,
e te kouvri nou avèk #Job 3:5lonbraj lanmò a.
20Si nou te bliye non a Bondye nou an,
oswa lonje men nou vè yon #Det 6:14 lòt dye etranje,
21èske Bondye pa ta #Sòm 139:1-2dekouvri sa a?
Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.
22Men #Wo 8:36pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen.
Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.
23Leve Ou menm! Poukisa Ou ap dòmi, O SENYÈ?
Leve nan dòmi! #Sòm 77:7Pa rejte nou nèt.
24Poukisa Ou #Job 13:24kache figi Ou e bliye ke n ap soufri e oprime?
25Paske #Sòm 119:25nanm nou te neye jis rive nan pousyè.
Kò nou kole jis rive atè.
26 # Sòm 35:2 Leve monte! Bay nou sekou!
Rachte nou pou koz
lanmou dous Ou a.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 44: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte