Sòm Yo 43

43
1 # Sòm 26:1 Deklare m inosan, O Bondye mwen!
Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl.
O delivre mwen soti nan men
a lezòm mantè e enjis yo!
2Paske Ou se Bondye fòs mwen an.
Poukisa Ou rejte m?
Poukisa mwen #Sòm 42:9fè dèy akoz opresyon a lènmi an?
3Voye #Sòm 36:9limyè Ou deyò avèk verite Ou;
kite yo mennen mwen.
Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo.
4Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a,
Bondye #Sòm 21:6lajwa m ki depase limit lan.
Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,
O Bondye, Bondye mwen an.
5 # Sòm 42:5-11 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?
E poukisa ou twouble anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye!
Paske m ap louwe Li ankò:
O sove m, soutyen mwen an,
ak Bondye m.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 43: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte