Sòm Yo 35
35
Yon Sòm David
1Fè fòs SENYÈ, kont sila k ap sèvi ak fòs kont mwen yo.
Goumen ak sila k ap #Sòm 56:2goumen kont mwen yo.
2Pran an men boukliye ak pwotèj la,
epi leve kon #Sòm 44:26sekou mwen.
3Anplis rale lans ak rach batay la pou
rankontre sila k ap kouri dèyè m yo.
Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”!
4Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e dezonere.
Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen
Vire do fè bak plen imiliyasyon.
5Kite yo vin #Sòm 83:13tankou pay nan van,
avèk zanj SENYÈ a k ap pouse yo ale.
6 #
Sòm 73:18
Kite wout yo plen avèk tenèb e vin glisan,
Avèk zanj SENYÈ a k ap kouri dèyè yo.
7Paske san koz, yo te kache #Sòm 9:15pèlen yo pou mwen.
San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.
8Kite l #I Tes 5:3fin detwi nèt san l pa konnen.
Kite pèlen ke li te prepare a, kenbe li menm.
Kite l tonbe nan destriksyon sa a.
9Nanm mwen va rejwi nan SENYÈ a.
Li va #Sòm 9:14leve wo nan delivrans Li.
10Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se #Egz 15:11kilès ki tankou Ou menm?
Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo?
Wi, ak aflije e malere yo k ap soti
nan men a sila menm k ap vòlè yo?”
11 #
Sòm 27:12
Fo temwen sovaj yo leve.
Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.
12Yo #Jr 18:20remèt mwen mal pou byen,
jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen.
13Men pou mwen menm, lè yo te malad,
#
Sòm 69:11
rad mwen te vin twal sak;
Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn,
epi lapriyè m te kontinye retounen
nan kè m.
14Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen.
Mwen te #Sòm 38:6koube ak gwo tristès,
tankou yon moun ta fè dèy pou manman li.
15Men moman ke m te chape tonbe a,
yo te #Ab 12rejwi, e te reyini yo ansanm.
San ke mwen pa menm konnen,
agresè sa yo te rasanble kont mwen.
Yo t ap chire m san rete.
16Kon giyon vilgè, yo te #Sòm 37:12fè konsi yo
ta mòde m ak dan yo.
17SENYÈ, #Hab 1:13jiskilè Ou va kontinye
gade bagay sa a konsa?
Sove nanm mwen kont ravaj yo,
Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo.
18Mwen va #Sòm 22:22bay Ou remèsiman nan gran asanble a.
Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.
19Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen.
Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.
20Paske yo pa pale lapè,
men yo divize pawòl nan #Jr 9:7twonpe sila ki kalm nan peyi yo.
21Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen.
Yo te di: #Sòm 40:15 “Men li, men li, zye nou te wè l!”
22Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans
O SENYÈ, #Sòm 10:1pa rete lwen m.
23 #
Sòm 7:6
Reveye Ou! Reveye Ou pou dwa m ak koz mwen,
Bondye mwen ak SENYÈ mwen.
24 #
Sòm 9:4
Jije mwen, O SENYÈ, Bondye mwen an, selon dwati Ou.
Pa kite yo rejwi sou mwen.
25Pa kite yo di nan kè yo:
“Men konsa, men sa nou pi pito a!”
Pa kite yo di: “Nou gen tan #Pwov 1:12fin vale li nèt!”
26Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont.
Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.
27Kite sila ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi.
Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo,
Li ki #Sòm 147:11 pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”
28Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou
avèk lwanj Ou tout lajounen.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 35: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith