Sòm Yo 34

34
Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.
1Mwen va #Ef 5:20beni SENYÈ a nan tout tan.
Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.
2Nanm mwen va #Jr 9:24fè glwa li nan SENYÈ a.
Enb yo va tande l, e yo va rejwi.
3O leve SENYÈ a byen wo avè m.
Annou #Sòm 18:46leve non L wo ansanm.
4Mwen te #Mat 7:7chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,
epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
5Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.
Figi yo #Sòm 25:3p ap janm wont.
6Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,
epi #Sòm 34:4te sove li sòti nan tout twoub li yo.
7 # Sòm 91:11 Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,
epi li sove yo nan gwo twoub.
8O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm #Sòm 2:12ki kache nan Li a beni!
9Krent SENYÈ a, O nou menm ki #Sòm 31:23sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
10Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,
men sila ki chache SENYÈ yo,
# Sòm 84:11 p ap manke okenn bon bagay.
11Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan #Sòm 111:10lakrent SENYÈ a.
12Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab #Ekl 3:13wè sa ki bon?
13Kenbe #Pwov 13:3lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
14Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
# És 1:16 Chache lapè e fè efò pou twouve li.
15 # Job 36:7 Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.
Zòrèy Li koute kri yo.
16Figi SENYÈ a kont malfektè yo,
pou #Am 9:4efase memwa yo sou tè a.
17 # Sòm 34:6 Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki #És 57:15kraze nan lespri yo.
19Anpil, se #II Tim 3:11afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20Li konsève tout zo li yo.
# Jn 19:33-36 Pa menm youn nan yo va kase.
21Se #Sòm 94:23mechanste ki va touye mechan an.
Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
22SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.
P ap gen nan sila ki #Sòm 37:40kache nan Li yo
k ap kondane.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 34: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte