Sòm Yo 22

22
Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;
Yon sòm David.
1 # Mat 27:46 Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou
te abandone m?
Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.
2O Bondye mwen, mwen #Sòm 42:3kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn.
E nan lannwit men m pa jwenn repo.
3Sepandan, Ou sen;
Ou menm ki #Det 10:21sou twòn lwanj pèp Israël la.
4Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo.
Yo te mete konfyans yo nan Ou,
e Ou te #Sòm 107:6delivre yo.
5A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre.
# És 49:23 Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.
6Men mwen se yon #Job 25:6vè,
mwen pa menm yon moun.
Parèt abominab devan lèzòm,
e meprize pa tout moun.
7Tout moun ki wè m vin moke mwen.
Yo #Mat 27:39separe avèk lèv yo e yo
souke tèt yo pou di:
8Li mete konfyans nan SENYÈ a.
Kite Li menm delivre li.
Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.
9Sepandan, Ou menm se Sila ki te
fè m sòti nan vant manman m nan.
Ou te fè m gen konfyans depi m
t ap souse tete manman m.
10Sou Ou, mwen te depann #És 46:3depi nesans mwen.
Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.
11 # Sòm 71:12 Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre.
Paske nanpwen moun ki pou ede m.
12Anpil towo vin antoure m.
Towo fò a #Det 32:14Basan yo te ansèkle m.
13Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen,
tankou yon #Sòm 10:9lyon voras k ap rele fò.
14Mwen vin vide tankou dlo.
Tout zo m fin dejwente.
15Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari.
Lang mwen kole akote nan bouch mwen.
# Jn 19:28 Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
16Konsa, chen yo vin antoure mwen.
Yon bann malfektè vin ansèkle m.
Yo te #Mat 27:35pèse dwat mwen avèk pye m.
17Mwen kab kontwole tout zo m yo.
Yo #Luc 23:27-35gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.
18Yo #Mat 27:35divize rad mwen pami yo.
Pou vètman m, yo tire osò.
19Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen!
Ou menm, sekou mwen, #Sòm 70:5fè vit, vin rive ede m!
20Delivre nanm mwen devan #Sòm 37:14nepe a,
lavi mwen devan pouvwa a chen an.
21Fè m sekou soti nan bouch a #Sòm 22:13lyon an,
soti sou kòn a bèf mawon.
Wi, Ou menm te reponn mwen.
22Mwen va #Sòm 40:10pale non Ou a frè m yo.
Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.
23 # Sòm 135:19-20 Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li.
Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa!
Kanpe byen sezi devan L,
nou tout, desandan Israël yo.
24Paske Li pa t meprize ni
rayi afliksyon a aflije yo.
Ni Li pa t kache figi Li a li menm,
men #Sòm 31:22lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.
25Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti
nan gran asanble a;
Mwen va #Sòm 61:8akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.
26Aflije yo va manje e #Sòm 107:9va satisfè.
Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a.
Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
27Tout #Sòm 2:8ekstremite tè a nèt va sonje.
Yo va vire bò kote SENYÈ a.
Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va
adore devan Ou.
28Paske #Za 14:9wayòm nan se pou SENYÈ a,
e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.
29Tout moun #Hab 1:16 byen reyisi sou latè va manje e adore.
Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li,
Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.
30Jenerasyon yo va sèvi Li.
Yo va pale de SENYÈ a
a #Sòm 102:18desandan yo k ap vini an.
31Yo va vini.
Yo va deklare ladwati Li
a yon pèp ki #Sòm 78:6va vin fèt.
Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 22: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte