Sòm Yo 21
21
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1O SENYÈ, #Sòm 59:16-17nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan.
Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
2Ou te bay li dezi a kè li,
ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.
3Paske Ou te vin rankontre Li avèk
benediksyon de tout bon bagay.
Ou te mete yon #II Sam 12:30 kouwòn sou tèt li.
4Li te mande Ou lavi e Ou te bay li.
Yon vi ki long ak #Sòm 91:16jou k ap dire
jis pou tout tan.
5Glwa li gran nan sali pa Ou.
#
Sòm 96:6 Onè ak majeste Ou te mete sou li.
6Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan;
Ou te fè li plen ak lajwa #Sòm 43:4avèk kè kontan nan prezans Ou.
7Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a.
Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a,
#
Sòm 112:6
Li p ap ebranle menm.
8Men ou va #És 10:10dekouvri tout lènmi ou yo.
Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.
9Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou.
SENYÈ a va #Lam 2:2vale yo nèt nan kòlè Li,
epi dife va devore yo.
10Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè,
epi #Sòm 37:28desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo.
11Malgre yo te anvizaje mal kont Ou,
e te #Sòm 10:2fòme yon konplo,
yo p ap reyisi.
12Paske Ou va fè yo vire do yo.
Ou va pwente #Sòm 7:12-13banza sou figi yo
ak bon kontwòl.
13Ke Ou leve wo, O SENYÈ,
ak tout fòs Ou!
Nou va #Sòm 59:16chante e bay lwanj a pwisans Ou.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 21: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith