Pwovèb Yo 2

2
1Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e #Pwov 3:1gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2e #Pwov 22:17fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
4si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò #Job 3:21ki kache;
5nan lè sa a, ou va dekouvri #Pwov 1:7lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
6Paske, #I Wa 3:12SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
7Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.
Li se #Sòm 84:11boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
8Ka p veye chemen lajistis yo,
e #I Sam 2:9pwoteje chemen a fidèl Li yo.
9Konsa, ou va dekouvri #Pwov 8:20ladwati ak jistis,
e menm egalite avèk tout bon chemen yo.
10Paske, sajès va antre nan kè ou,
e #Pwov 22:18 konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.
11Bon konprann va #Pwov 4:6pwoteje ou,
konesans va veye sou ou,
12pou #Pwov 28:26pwoteje ou kont chemen mal la,
kont lòm ki pale bagay pèvès yo.
13Kont sila ki #Pwov 21:16kite chemen ladwati yo
pou mache nan chemen fènwa yo;
14ki #Pwov 10:23pran plezi nan fè sa ki mal
e rejwi nan mechanste mal la.
15Chemen a sila ki vin #Sòm 125:5kwochi yo
e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.
16Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a,
soti nan men #Pwov 23:27fanm adiltè ki flate ak pawòl li;
17ki kite #Mat 2:14-15konpanyen jenès li a,
e ki bliye akò a Bondye li;
18paske lakay li mennen a lanmò
e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.
19Pèsòn #Ekl 7:26ki ale kote li menm, pa retounen ankò,
ni yo pa jwenn pa lavi.
20Akoz sa a, ou va #Eb 6:12mache nan chemen a sila ki bon yo,
e swiv tras a moun ladwati yo.
21Paske moun dwat yo va viv nan peyi a,
e #Pwov 28:10 sila ki san tò yo va rete ladann;
22men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a,
e moun trèt yo va #Det 28:63 dechouke de li.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb Yo 2: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte