Filipyen Yo 3

3
1Finalman, frè m yo #Fil 2:18rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.
2Veye #Sòm 22:16chen yo, veye #II Kor 11:13ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an. 3Paske #Wo 2:29nou menm se vrè sikonsizyon an, ki #Jn 4:23adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè. 4Byenke #II Kor 5:16mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa: 5#Luc 1:59sikonsi nan uityèm jou a, ne nan #Wo 11:1nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen; 6kòm zele, yon #Trav 8:3pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot.
7Men #Luc 14:33nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. 8Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. #Jr 9:23Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. 9E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk #Wo 10:5ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, #Wo 9:30ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a. 10Pou mwen kapab konnen Li, ak #Wo 6:5pouvwa a rezirèksyon Li an, ak #Wo 8:17lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, 11pou m ta kapab #I Kor 15:23rive menm nan rezirèksyon a lanmò a. 12Se pa ke m #I Kor 9:24rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.
13Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; #Luc 9:62se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, 14mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondye#Wo 8:28nan Kris Jésus a. 15Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa #Jn 6:45Bondye va osi revele sa a nou. 16Sepandan, nan menm fòs ke nou deja reyisi, annou kontinye #Gal 6:16viv pa menm prensip ke nou fin atenn deja a. Annou toujou gen menm panse.
17Frè m yo #I Kor 4:16vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon #I Pi 5:3modèl ke nou gen nan nou an. 18Paske #II Kor 11:13anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi #Gal 6:14lakwa a Kris la, 19ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo #Wo 16:18apeti yo, e ki gen pou #Wo 6:21glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo. 20Paske pou nou menm #Ef 2:19sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, 21ki va #I Kor 15:43-53transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.

Chwazi Kounye ya:

Filipyen Yo 3: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte