Filipyen Yo 2
2
1Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen #II Kor 13:14amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2#Jn 3:29fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb #Wo 12:10gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
5 #
Mat 11:29
Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye #Jn 5:18pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7men te #II Kor 8:9vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te #Eb 2:17vin fèt nan imaj a lòm. 8Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin #Mat 26:39obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9Akòz tout sa, Bondye te #Mat 28:18egzalte Li byen wo, e te bay Li #Ef 1:21non ki pi wo pase tout non yo, 10pouke nan non a Jésus a #És 45:23tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11epi tout lang konfese ke Jésus Kri se #Jn 13:13Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.
12Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen #Eb 5:9fè travay sali nou an avèk #II Kor 7:15lakrent ak tranbleman. 13Paske se #Wo 12:3Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
14Fè tout bagay san #I Kor 10:10plenyen ni diskite. 15Konsa nou va #Luc 1:6san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon #Det 32:5jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t #Gal 2:2kouri anven, ni #És 49:4travay anven. 17Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon #II Tim 4:6bwason k ap ofri kòm #Nonb 28:6,7sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.
18Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.
19Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou #Fil 2:23voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye. 20Paske m pa gen okenn lòt moun ak #I Kor 16:10yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou. 21Paske yo tout #I Kor 10:24chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a. 22Men nou konnen #Wo 5:4prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li. 23#Fil 2:19Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen. 24Men #Fil 1:25mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè.
25Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, #Wo 16:3,9,21ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen. 26Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad. 27Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès. 28Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm. 29Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e #I Kor 16:18kenbe an wo estim moun tankou li, 30paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou #I Kor 16:17konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.
Chwazi Kounye ya:
Filipyen Yo 2: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith