Nonb 23
23
1Alò, Balaam te di a Balak: “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo pou mwen isit la.” 2Balak te fè ojis sa ke Balaam te pale a. Balak avèk Balaam te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
3Balaam te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile pa w la, e mwen va ale. Petèt SENYÈ a va vin rankontre m, e nenpòt sa ke Li montre mwen, mwen va di ou li.” Konsa, li te ale kote yon ti mòn ki pa t gen anyen sou li.
4Bondye te rankontre Balaam, e li te di Li: “Mwen te ranje sèt lotèl yo, e mwen te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.”
5Konsa, SENYÈ a te #Det 18:18mete yon pawòl nan bouch Balaam. Li te di: “Retounen kote Balak. Ou va pale konsa.”
6Konsa, li te retounen kote li. E gade byen, Balak te kanpe bò kote ofrann brile li a; li menm avèk tout chèf Moab yo. 7Balaam te pran diskou li, e te di:
“Depi nan #Nonb 22:12Aram, Balak te mennen m,
wa Moab ki soti nan mòn Lès yo.
‘Vin modi Jacob pou mwen.
Vin denonse Israël!’
8 #
Nonb 22:12
Kijan mwen kapab modi,
lè Bondye pa t modi?
Epi kijan mwen kapab denonse
sila ke SENYÈ a pa t denonse?
9“Jan mwen konn wè li soti anwo nan pwent wòch yo,
e mwen gade li depi sou kolin yo.
#
Det 32:8
Gade byen, yon pèp ki rete apa,
ki p ap kab konte pami nasyon yo.
10 #
Jen 13:16
Kilès ki kab konte pousyè a Jacob,
oswa konte menm yon ka an Israël?
Kite mwen mouri lanmò a jis yo,
pou lafen pa mwen an tankou pa li.”
11Konsa, Balak te di a Balaam: “Kisa ou te fè m konsa? #Né 13:2Mwen te pran ou pou modi lènmi mwen yo, e gade byen, ou te vrèman beni yo!”
12Li te reponn: “Èske mwen pa oblije fè atansyon pou pale #Nonb 22:20sa ke SENYÈ a mete nan bouch mwen?”
13Alò Balak te di li: “Souple, vin avèk mwen nan yon lòt kote pou ou ka wè yo. Malgre w ap wè sèlman ti bout a dènye pwent lan, e ou p ap wè tout a yo. Modi yo pou mwen depi la.” 14Konsa, li te pran li rive nan chan Tsophim nan, nan pwent Mòn Pigsa a. Li te bati sèt lotèl e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
15Konsa, li te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile ou a, pandan mwen menm, mwen ap rankontre SENYÈ a soti lòtbò.”
16Alò, SENYÈ a te rankontre Balaam e Li #Nonb 22:20te mete yon pawòl nan bouch li. Li te di li: “Retounen jwenn Balak, e konsa ou va pale.”
17Li te vin kote li, e gade byen, li te kanpe bò kote ofrann brile pa li a, epi chèf Moab yo te avèk li. Konsa, Balak te di li: “Kisa SENYÈ a te pale a?”
18Alò, li te pran diskou li. Li te di:
“Leve ou menm, O Balak, pou tande!
Ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor!
19 #
I Sam 15:29
Bondye se pa yon nonm ke li ye
pou L ta bay manti,
ni fis a yon nonm pou L ta repanti.
Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?
20Gade byen, mwen te resevwa lòd pou beni.
Lè se Li menm ki beni,
alò, #És 43:13mwen p ap kab revoke sa.
21Li pa t wè malè nan Jacob,
ni Li pa t wè twoub nan Israël.
#
Egz 3:12
SENYÈ a, Bondye li a avè l,
epi gran vwa a yon wa pami yo.
22 #
Nonb 24:8
Bondye mennen yo sòti an Égypte.
Li pou yo tankou kòn sou bèf mawon.
23 #
Nonb 22:7
Paske, nanpwen wanga kont Jacob,
ni pa gen divinasyon kont Israël.
Nan tan etabli a, li va pale a Jacob,
e a Israël de sa Bondye te fè a!
24 #
Jen 49:9
Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon,
tankou yon lyon li leve li menm.
Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan,
pou l bwè san a sila li touye a.”
25Alò, Balak te pale a Balaam: “Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!”
26Men Balaam te reponn a Balak: “Èske mwen pa t di ou, #Nonb 22:18‘Nenpòt sa ke SENYÈ a pale, se sa mwen oblije fè’?”
27Alò Balak te di a Balaam: “Souple, vini; mwen va mennen ou yon lòt kote. Petèt li va agreyab a Bondye pou ou modi yo depi kote sa a.” 28Konsa, Balak te pran Balaam vè tèt mòn Peor ki domine tout dezè a.
29Balaam te di a Balak, “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo ak sèt belye pou mwen isit la.” 30Balak te fè jan ke Balaam te di a, e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
Chwazi Kounye ya:
Nonb 23: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith