Nonb 22

22
1 # Nonb 33:48-49 Fis a Israël yo te vwayaje pou te fè kan an nan plèn Moab yo, fin kite Jourdain an, anfas Jéricho.
2Alò #Jij 11:25 Balak, fis Tsippor te wè tout sa ke Israël te fè a Amoreyen yo. 3#Egz 15:15 Konsa, Moab te nan gran perèz akoz pèp la, pwiske yo te anpil; Moab te sezi avèk gwo laperèz akoz fis Israël yo.
4Moab te di a ansyen yo a #Nonb 25:15-18 Madian: “Alò, bann moun sa yo va devore tout sa ki antoure nou, jan yon bèf devore zèb nan chan.”
Balak, fis a Tsippor a te wa Moab nan tan sa a. 5Konsa, li te voye yon mesaje vè #Jd 11 Balaam, fis a Beor a nan #Det 23:4Pethor, ki toupre Rivyè a, nan peyi a fis pèp li a. Li te di: “Gade byen, yon pèp te sòti an Égypte. Gade byen, yo kouvri sifas peyi a, e y ap viv anfas mwen. 6#Nonb 22:17 Alò, pou sa, silvouplè, vin mete yon madichon sou pèp sa a pou mwen; paske, yo twò pwisan pou mwen. Petèt mwen kapab fin bat yo, e pouse yo ale deyò peyi a. Paske mwen konnen ke sila ke ou beni an, beni, e sila ke ou modi a, modi.” 7Konsa, ansyen a Moab yo avèk ansyen a Madian yo te pati avèk frè pou peye #Nonb 23:23 divinasyon nan men yo. Yo te vin kote Balaam pou te repete pawòl a Balak yo pou li.
8Li te di yo: “Pase nwit lan isit la, e mwen va pote yon pawòl bannou jan SENYÈ a kab petèt pale avè m.” Epi dirijan Moab yo te rete avèk Balaam.
9Epi #Jen 20:3 Bondye te vini a Balaam, e Li te di: “Ki moun sa yo ye ki avèk ou la a?”
10Balaam te di a Bondye: “Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la te voye yon pawòl ban mwen. 11‘Gade byen, gen yon pèp ki sòti an Égypte, yo kouvri sifas peyi a. Alò, vin modi yo pou mwen. Petèt mwen kapab goumen kont yo, e pouse yo deyò.’”
12Bondye te di a Balaam: “Pa ale avèk yo. #Nonb 23:8 Ou p ap modi pèp la, paske yo beni.”
13Konsa, Balaam te leve nan maten e li te di a chèf Balak yo: “Ale retounen nan peyi nou, paske SENYÈ a refize kite mwen ale avèk nou.”
14Chèf a Moab yo te leve. Yo te ale kote Balak e te di: “Balaam refize vini avèk nou.”
15Alò, Balak te voye chèf yo ankò, plis an kantite e pi gran pase lòt yo. 16Yo te vini a Balaam e te di li: “Konsa pale Balak, fis a Tsippor a: ‘Pa kite anyen, mwen mande ou souple, anpeche ou vini kote mwen; 17paske vrèman, mwen va onore ou anpil. Mwen va fè nenpòt sa ou mande mwen. #Nonb 22:6 Alò, souple, vin modi pèp sa a pou mwen.’”
18Balaam te reponn a sèvitè a Balak yo, #I Wa 22:14 “Malgre Balak ta ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, mwen pa ta kapab fè anyen, ni piti ni gran, ki kontrè kòmand SENYÈ a, Bondye mwen an. 19Alò, silvouplè, rete isit la aswè a pou m ka twouve ki lòt bagay SENYÈ a va pale mwen.”
20Bondye te vin kote Balaam nan aswè. Li te di li: “Si mesye sa yo ta vin rele ou, leve ale avèk yo; men #Nonb 22:35 se sèlman pawòl ke M pale avèk ou a ke ou va fè.”
21 # II Pi 2:15 Konsa, Balaam te leve nan maten. Li te mete yon sèl sou bourik li pou te ale avèk chèf Moab yo. 22Men Bondye te fache akoz li t ap ale a. #Egz 23:20 Konsa, zanj SENYÈ a te vin kanpe nan chemen an kòm yon advèsè kont li. Alò, li te monte sou bourik li, e de sèvitè li yo te avèk li. 23Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe li parèt nan men l, bourik la te kite chemen an pou te antre nan chan an. Men Balaam te frape bourik la pou fè l retounen nan chemen an.
24Alò, zanj SENYÈ a te kanpe nan yon wout etwat nan chan rezen yo, avèk yon miray sou yon bò, e yon miray sou lòt bò a. 25Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te peze kò l kont mi an, e li te peze pye Balaam kont lòt mi an. Konsa, Balaam te frape li ankò.
26Zanj SENYÈ a te ale pi lwen. Li te kanpe nan yon kote etwat kote pa t gen mwayen pou vire ni adwat, ni agoch. 27Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te kouche anba Balaam. Pou sa, #Jc 1:19 Balaam te fache e li te frape bourik la avèk baton li. 28Konsa, #II Pi 2:16 SENYÈ a te ouvri bouch a femèl bourik la, e li te di a Balaam: “Kisa m te fè ou, pou ou bat mwen twa fwa sa yo?”
29Alò, Balaam te di a bourik la: “Akoz ou te pase m nan rizib! Si m te gen yon nepe nan men m, #Pwov 12:10 Mwen ta gen tan touye ou deja.”
30Bourik la te di Balaam: “Èske mwen pa bourik ou, sou sila ou te monte pandan tout vi ou jis rive Jodi a? Èske Mwen janm te konn abitye fè ou sa?” Epi li te reponn: “Non”.
31Alò, SENYÈ a te ouvri zye a Balaam. Konsa, li te wè #Jos 5:13-15 zanj a SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe a rale nan men li. Balaam te bese jiska tè.
32Zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou te frape bourik ou a twa fwa sa yo? Gade byen, Mwen te parèt kòm yon advèsè, akoz direksyon pa w la te #II Pi 2:15 kont Mwen. 33Men bourik la te wè M, e li te vire akote pou evite Mwen twa fwa sa yo. Si li pa t vire akote Mwen, Mwen ta, vrèman, gen tan touye ou nan moman sa a, e kite li menm viv.”
34Balaam te di a zanj SENYÈ a: #Nonb 14:40“Mwen te peche, paske mwen pa t konnen ke ou te kanpe nan chemen an kont mwen. Alò, koulye a, si sa pa fè ou plezi, mwen va vire retounen.”
35Men zanj SENYÈ a te di a Balaam: “Ale avèk mesye sa yo, men #Nonb 22:20ou va pale, sèlman, pawòl ke Mwen di ou yo.” Konsa Balaam te ale avèk chèf Balak yo.
36Lè Balak te tande ke Balaam t ap vini, li te sòti pou rankontre li nan vil Moab la, ki nan fwontyè Arnon an, nan dènye pwent lizyè a. 37Epi Balak te di a Balaam: “Èske mwen pa t voye kote ou an ijans? Poukisa ou pa t vin kote mwen? Èske, vrèman, mwen pa kapab onore ou?”
38Konsa, Balaam te di a Balak: “Gade byen, Mwen gen tan vini koulye a! Èske mwen kapab pale yon bagay menm? Pawòl ke Bondye mete nan bouch mwen an, se sa ke mwen va pale.”
39Epi Balaam te sòti avèk Balak e yo te vini Kirjath-Hutsoth, 40Balak te fè sakrifis bèf avèk mouton, e li te voye kèk bay Balaam avèk chèf ki te avèk li yo. 41Epi li te rive nan maten ke Balak te pran Balaam pou te mennen li monte nan #Nonb 21:28wo plas a Baal yo. E li te wè depi la, #Nonb 23:13yon pati nan pèp Israël yo.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 22: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte