Nonb 17
17
1SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2“Pale avèk fis Israël yo, e pran yon branch bwa pou chak kay fanmi zansèt yo: douz branch bwa ki sòti nan tout chèf yo selon kay fanmi zansèt yo. Nou va ekri non a chak sou branch pa yo. 3Ekri non a Aaron sou branch Levi a. Konsa, va gen yon sèl branch pou tèt a chak kay fanmi zansèt yo. 4Epi nou va depoze yo nan tant asanble a devan lach #Egz 25:16-22 temwayaj la, kote Mwen rankontre nou an.
5“Li va vin rive ke branch #Nonb 16:5 moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm.”
6Konsa, Moïse te pale avèk fis Israël yo, e tout chèf yo te bay li yon branch pou chak nan yo; pou chak chèf, selon kay fanmi zansèt yo, douz branch avèk branch Aaron an pami branch yo. 7Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a #Nonb 1:50-53 nan tant asanble a.
8Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, #Éz 17:24 branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi. 9Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l.
10Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a #Nonb 17:4 devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont #Det 9:7-24rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.”
11Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè.
12Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: #És 6:5 “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri! 13#Nonb 1:51 Tout moun ki pwoche, ki vin pwoche toupre tabènak SENYÈ a, fòk li mouri. Èske nou tout va peri nèt?”
Chwazi Kounye ya:
Nonb 17: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith