Nonb 16
16
1Alò, Koré, fis a Jitsehar, ansanm avèk Dathan ak Abiram, fis a Éliab avèk On, fis a Péleth, fis a Ruben yo, te pran desizyon. Yo te pran moun avèk yo, 2epi yo te vin souleve devan Moïse. Ansanm avèk kèk nan fis Israël yo, de-san-senkant nan chèf kongregasyon an, mesye ki te byen rekonèt, ki te #Nonb 1:16 chwazi pa asanble a, 3yo te reyini ansanm #Sòm 106:16 kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e #Nonb 5:3SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?”
4Lè Moïse te tande sa, #Nonb 14:5 li te tonbe sou figi li. 5Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. #Nonb 17:5-8 Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm. 6Fè sa: Fè Koré ak tout konpanyen li pran asanswa a pou kont nou. 7Konsa, mete dife ladann, e poze lansan sou yo nan prezans a SENYÈ a, demen. Moun nan ke SENYÈ a chwazi a, va sila ki sen an. #Nonb 16:3 Nou gen tan ale ase lwen, fis a Levi yo!”
8Moïse te di a Koré: “Tande koulye a fis a Levi yo! 9#És 7:13 Èske li pa sifi pou nou ke Bondye Israël la te separe nou soti nan tout rès kongregasyon Israël la, pou mennen nou touprè a Li menm? Pou fè sèvis tabènak SENYÈ a, e pou vin kanpe devan kongregasyon an pou sèvi yo? 10E ke li te mennen nou touprè, tout frè ou yo Koré, fis a Levi yo avèk ou? Epi èske w ap #Nonb 3:10 chache pozisyon prèt la tou? 11Pou sa, ou menm avèk tout konpanyen ou yo vin rasanble ansanm #Egz 16:7 kont SENYÈ a! Men pou Aaron, kilès li ye pou #I Kor 10:10nou vin plenyen kont li?”
12Konsa, Moïse te voye yon lòd bay Dathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, men yo te di: “Nou p ap monte.” 13Èske sa pa ase ke ou te mennen nou sòti nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl #Nonb 14:2-3 pou fè nou vin mouri nan dezè a, men ou ta, osi, vin chèf sou nou?
14Vrèman, ou pa t mennen nou nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, ni ou pa t bannou yon eritaj #Egz 23:10-11 tèren, avèk chan rezen. Èske ou ta #I Sam 11:2pete zye a mesye sa yo? Nou p ap monte? 15Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: #Jen 4:4-5 “Pa aksepte ofrann pa yo! #I Sam 12:3Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.”
16Moïse te di a Koré: “Ou menm avèk tout konpanyen ou yo, parèt devan SENYÈ a demen; ni ou menm, yo menm ansanm avèk Aaron. 17Chak nan nou pran veso dife li, mete lansan sou li, e chak nan nou pote veso lansan an devan SENYÈ a, de-san-senkant veso dife; osi ou menm avèk Aaron va chak pote veso dife pa li a.” 18Konsa, yo chak te pran pwòp veso dife a e te mete dife ladann. Yo te mete lansan sou li, epi yo te kanpe nan pòtay tant asanble a, avèk Moïse ak Aaron. 19Konsa, Koré te rasanble tout kongregasyon anfas yo a nan pòtay a tant asanble a.
Epi #Nonb 14:10 glwa a SENYÈ a te vin parèt a tout kongregasyon an. 20SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron, e te di: 21#Nonb 16:45 “Separe nou nan mitan kongregasyon sila a, #Egz 32:10-12pou Mwen kapab manje yo koulye a.”
22Men yo te tonbe sou figi yo e te di: “O Bondye, #Nonb 27:16 Bondye a lespri de tout chè a, èske Ou va an kòlè avèk tout kongregasyon an lè yon sèl moun fè peche?”
23SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 24“Pale avèk kongregasyon an e di: #Nonb 16:45 ‘Sòti nan andwa tant Koré yo, Dathan avèk Abiram!’”
25Alò, Moïse te leve ale vè Dathan ak Abiram, avèk ansyen a Israël ki t ap swiv li yo. 26Li te pale avèk kongregasyon an. Li te di: #És 52:11 “Kite tant a moun mechan sa yo, e pa touche anyen ki pou yo, #Jen 19:15sinon, nou va vin pote ale ak tout peche yo.” 27Konsa, yo te soti nan tant a Koré yo, Dathan ak Abiram de tout kote. Dathan ak Abiram te vin kanpe nan pòtay tant pa yo a, ansanm avèk madanm yo, e #Nonb 26:11 fis yo, ansanm ak timoun yo.
28Moïse te di: “Selon sa, nou va konnen ke #Egz 3:12-15 SENYÈ a te voye mwen pou fè tout zèv sa yo; paske sa se pa nan tèt mwen y ap soti. 29Si mesye sila yo mouri yon mò natirèl, oswa si yo soufri #Ekl 3:19 desten a tout moun nòmal, alò SENYÈ a pa t voye mwen. 30Men si SENYÈ a fè vin parèt yon bagay tounèf, tè a vin ouvri bouch li pou vale yo nèt avèk tout sa ki pou yo, e yo #Sòm 55:15 desann tou vivan kote mò yo ye a, alò, konsa, nou va konprann ke mesye sila yo te meprize SENYÈ a.”
31Pandan li te fin pale tout pawòl sa yo, tè ki te anba yo a te fann e li te ouvri. 32Konsa, #Det 11:6 latè te louvri bouch li e te vale yo nèt avèk moun lakay yo, ak tout mesye ki te apatyen a Koré avèk tout byen yo. 33Konsa, yo menm avèk tout sa ki te pou yo, te desann vivan nan sejou mò yo. Tè a te vin fèmen sou yo, e yo te peri nan mitan asanble a. 34Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”
35 #
Nonb 11:1-3 Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile #Nonb 16:2de san senkant mesye ki te ofri lansan yo.
36SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 37“Di a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, ke li va ranmase veso lansan yo nan mitan dife a, paske yo sen. Epi nou va gaye sann dife k ap brile lwen kan an, paske yo sen. 38Epi menm selon veso lansan a mesye sa yo ki te peche e te peye ak lavi yo, kite yo fin bat yo byen plat pou sèvi yo pou kouvri lotèl la, pwiske yo te prezante yo devan SENYÈ a. Yo sen. Konsa, #Éz 14:8 yo va sèvi kòm yon sign a fis Israël yo.”
39Éléazar, prèt la, te pran veso lansan ki te fèt an bwonz ke mesye ki te brile yo te ofri, epi yo te bat yo pou fè yo plat pou kouvri lotèl la, 40kòm yon sonj komemoratif a fis Israël yo pou #Nonb 1:51 pèsòn ki pa nan ras Aaron pa ta dwe pwoche pou brile lansan devan SENYÈ a; jis pou li pa devni tankou Koré ak konpanyen li yo—jis jan ke SENYÈ a te pale a li pa Moïse la.
41Men nan pwochen jou a, tout kongregasyon fis Israël yo te #Nonb 16:31 bougonnen kont Moïse avèk Aaron. Yo te di: “Se nou ki touye pèp SENYÈ a.”
42Lè kongregasyon an te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron, yo te gade vè tant asanble a, e vwala, nwaj la te kouvri li e glwa SENYÈ a te parèt. 43Alò, Moïse avèk Aaron te vini devan tant asanble a. 44Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 45“Mete ou lwen kongregasyon sila a, pou Mwen kapab detwi yo kounye a menm.”
Yo te tonbe sou figi yo. #Nonb 16:21-24 46Moïse te di a Aaron: “Pran veso lansan an, mete dife lotèl la ladann. Mete lansan an sou li e pote li vit bay kongregasyon an pou #És 6:6-7 fè ekspiyasyon pou yo. Paske lakòlè gen tan sòti nan SENYÈ a. Gwo epidemi an kòmanse!”
47Alò Aaron te pran li jan Moïse te pale a. Li te kouri nan mitan asanble a, paske, gade byen, gwo epidemi an te kòmanse pami pèp la. #Nonb 25:6-13 Konsa li te mete lansan an pou fè ekspiyasyon pou pèp la. 48Li te kanpe antre mò yo ak moun vivan, e gwo epidemi an te rete. 49#Nonb 25:9 Men sila ki te mouri nan gwo epidemi yo te katòz-mil-sèt-san (14,700), anplis sila ki te mouri akoz Koré yo.
50Alò, Aaron te retounen vè Moïse nan pòtay tant asanble a, paske gwo epidemi an te vin rete.
Chwazi Kounye ya:
Nonb 16: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith