Nonb 13

13
1Konsa, #Det 1:22-23 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2#Det 1:22 Voye mesye ki kapab fè espyonaj nan peyi Canaran ke Mwen va bay fis Israël yo. Ou va voye yon nonm sòti nan chak tribi zansèt a papa pa yo, youn nan chèf pami yo.
3Konsa, Moïse te voye yo soti nan dezè Paran an selon kòmand a SENYÈ a. Yo tout te chèf a fis Israël yo.
4Sa yo, alò, se te non yo: soti nan tribi Ruben an, Schammua, fis a Zaccur a; 5soti nan tribi a Siméon an: Schaphath, fis a Hori a; 6pou tribi a Juda a: Caleb, fis a Jephaunné a; 7pou tribi a Issacar a: Jigual, fis a Joseph la; 8pou tribi a Ephraïm nan: Hosée, fis a Nun nan 9pou tribi a Benjamin an: Palthi, fis a Raphu a; 10pou tribi a Zabulon an: Gaddiel, fis a Sodi a; 11pou tribi a Joseph la, tribi a Manassé a: Gaddi, fis a Sisi a; 12pou tribi a Dan nan: Ammiel, fis a Guemalli a; 13pou tribi a Hacer a: Sethur, fis a Micaël la; 14pou tribi a Nephtali a: Nachbi, fis a Vophsi a; 15pou tribi a Gad la: Guéuel, fis a Maki a.
16Sa yo, se non a mesye ke Moïse te voye pou fè espyonaj peyi a. Men Moïse te rele #Nonb 13:8 Hosée, fis a Nun nan, Josué. 17Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan #Jen 12:9 negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo. 18Kontwole pou wè kijan peyi a ye, si pèp ki rete ladann nan, gen fòs, oswa si yo fèb, e si yo gen anpil, oswa pa anpil moun. 19Kijan tè kote yo viv la ye, kit li bon, oswa pa bon? Epi kijan vil kote yo viv la ye, èske se kan san pwotèj, oswa avèk fò? 20Kijan tè a ye? Èske li rich, oswa pòv? Si gen pyebwa oswa si pa genyen? Epi fè yon efò pou pran kèk nan fwi peyi a.” Alò, se te tan ke premye rezen yo t ap vin mi.
21Se konsa, yo te monte pou te fè espyonaj sou peyi a soti nan dezè a Tsin nan, jis pou rive Rehob, nan chemen Hamath (Lebo-Hamath) lan. 22Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.) 23Yo te rive nan vale #Nonb 13:24 Eschcol e soti la, yo te koupe yon sèl branch avèk yon sèl grap rezen; epi yo te pote li sou yon poto antre de gason avèk kèk grenad ak pye fig frans. 24Kote sa a te vin rele vale a Eschcol, akoz gwo grap rezen ke fis Israël la te koupe fè desann soti la yo. 25Yo te sòti retounen nan espyonaj peyi a, nan fen karant jou yo. 26Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè #Nonb 20:1-14 Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a. 27Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e #Det 1:25 sa a se fwi li.
28“Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè #Nonb 13:33 desandan Anak yo la. 29Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, #Jos 10:6 Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e #Nonb 14:43-45 Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”
30Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
31Men mesye ki te monte avè l yo te di: #Det 1:28 “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.” 32Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se #Éz 36:13-14 yon peyi ki devore moun li ye, e #Am 2:9tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran. 33La, osi, nou te wè #Jen 6:4 jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”

Chwazi Kounye ya:

Nonb 13: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte