1
Nonb 13:30
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
Konpare
Eksplore Nonb 13:30
2
Nonb 13:33
La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”
Eksplore Nonb 13:33
3
Nonb 13:31
Men mesye ki te monte avè l yo te di: “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.”
Eksplore Nonb 13:31
4
Nonb 13:32
Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se yon peyi ki devore moun li ye, e tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran.
Eksplore Nonb 13:32
5
Nonb 13:27
Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e sa a se fwi li.
Eksplore Nonb 13:27
6
Nonb 13:28
“Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè desandan Anak yo la.
Eksplore Nonb 13:28
7
Nonb 13:29
Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”
Eksplore Nonb 13:29
8
Nonb 13:26
Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a.
Eksplore Nonb 13:26
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo